43:1 ś Grangou t'ap bat pi rčd nan peyi Kanaran an.
43:2 Lč fanmi Jakňb yo te fin manje ble yo te pote soti nan peyi Lejip la, Jakňb di pitit li yo: -Tounen al chache manje pou nou ankň non.
43:3 Jida reponn li: -Nonm lan te byen avčti nou pou nou pa parčt devan l' si nou pa vin ak ti frč nou an.
43:4 Si ou vle kite ti frč nou an vin ak nou, nou v al achte manje pou ou.
43:5 Si ou pa vle kite l' ale, n'ap rete, paske msye a te tout di nou: piga nou parčt devan l' ankň si nou pa vin ak ti frč nou an.
43:6 Izrayčl di: -Sa nou te bezwen di l' nou te gen yon ti frč fč? Poukisa nou fč m' sa?
43:7 Yo reponn li: -Msye a t'ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lňt frč, se pou n' te reponn li. Kouman pou n' ta fč konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frč nou an ba li?
43:8 Jida di Izrayčl, papa l', konsa: -Kite tibway la ale ak nou. Konsa n'a leve, n'a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p'ap mouri grangou.
43:9 Se nan men m' li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m' pa mennen l' tounen ba ou, si m' pa tounen avč l' la devan ou, se mwen menm k'ap pote fňt la devan ou jouk mwen mouri.
43:10 Si nou pa t' pran tout reta sa a, koulye a nou ta gen tan ale nou tounen de fwa deja.
43:11 ś Lč sa a, Izrayčl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fč: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fč nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myčl, lansan, lami, pistach ak nwa.
43:12 Lčfini, n'a pran de fwa valč lajan nou bezwen, paske fňk nou renmčt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t' wč sa.
43:13 Pran frč nou an, tounen kote msye a.
43:14 M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fč nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmčt nou ni lňt frč nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pčdi pitit mwen yo, mwen mčt pčdi yo.
43:15 ś Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valč lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parčt devan Jozčf.
43:16 Lč Jozčf wč Benjamen ak yo, li rele chčf domestik li a, li di l': -Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bčt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avč m' midi a.
43:17 Chčf domestik la fč sa Jozčf te di l' fč a, li mennen mesye yo lakay li.
43:18 Men, lč mesye yo wč yo t'ap mennen yo lakay Jozčf, yo te pč anpil. Yo t'ap di: -Se poutčt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dčnye fwa a kifč y'ap mennen nou bň isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fč nou tounen esklav. Lčfini y'ap pran bourik nou yo.
43:19 Se konsa, antan yo rive nan papňt kay la, yo pwoche bň chčf domestik la,
43:20 yo di l': -Eskize nou wi, mčt. Nou te vin isit la yon fwa deja pou n' te achte manje.
43:21 Lč n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l' tounen wi.
43:22 Nou pote lňt lajan tout pou n' ka achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te mete lajan an nan sak nou yo ankň.
43:23 Domestik anchčf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pč. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richčs sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lčfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
43:24 Chčf domestik la mennen mesye yo lakay Jozčf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje.
43:25 Mesye yo menm pare kado yo pou lč Jozčf va vin jwenn yo midi, paske yo te vin konnen yo tapral manje avč l'.
43:26 ś Lč Jozčf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tčt yo jouk atč devan li.
43:27 Jozčf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m' lan, papa nou an, ban m' nouvčl li non? Li la toujou? Li byen?
43:28 Yo reponn li: -Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mčsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tčt yo jouk atč devan li.
43:29 Lč Jozčf fč sa li wč Benjamen, frč menm manman menm papa avč l' la, li di: -Eske se ti frč nou an sa, ti frč nou t'ap pale m' lan? Bondye beni ou, pitit mwen.
43:30 Lč sa a, Jozčf kouri soti byen vit, paske kč l' t'ap fč l' mal pou frč l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.
43:31 Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankň, epi li bay lňd sčvi manje a.
43:32 Yo te sčvi yon tab apa pou Jozčf, yon tab apa pou frč l' yo ak yon lňt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.
43:33 Frč Jozčf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lč yo wč sa, yo te sezi, yonn gade lňt.