46:1 ś Izrayčl pati avčk tout sa li te genyen. li al Bčcheba, li touye bčt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li.
46:2 Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayčl nan rčv, li di l': -Jakňb! Jakňb! Jakňb reponn: -Men mwen wi.
46:3 Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pč desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fč pitit pitit ou yo tounen yon gwo pčp laba a.
46:4 M'ap desann avč ou nan peyi Lejip, m'ap fč pitit pitit ou yo tounen isit la ankň. Se Jozčf ki va fčmen je ou lč wa mouri.
46:5 ś Jakňb pati, li kite Bčcheba. Pitit Izrayčl yo pran Jakňb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fč yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a.
46:6 Yo pran tout bčt ak tout byen yo te fč nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakňb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo.
46:7 Jakňb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.
46:8 Men non pitit Izrayčl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakňb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn.
46:9 Men non pitit Woubenn yo: Enňk, Palou, Ezwon ak Kami.
46:10 Men non pitit Simeyon yo: Jemouyčl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fč dčnye sa a ak yon fanm peyi Kanaran.
46:11 Men non pitit gason Levi yo: Gčchon, Keyat ak Merari.
46:12 Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perčz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perčz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.
46:13 Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jňb ak Chimwon.
46:14 Men non pitit Zabilon yo: Serčd, Elon ak Jaleyčl.
46:15 Se pitit sa yo Leya te fč pou Jakňb lč yo te Mezopotami. Leya te fč yon fi tout yo te rele Dena. Avčk pitit pitit yo, sa te fč antou tranntwa gason ak yon fi.
46:16 Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyčli.
46:17 Men non pitit gason Asč yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Beria. Yo te gen yon sč ki te rele Serak. Beria te gen de pitit gason: Ebč ak Malkyčl.
46:18 Se pitit gason sa yo Zilpa te fč pou Jakňb. Zilpa sa a, se te sčvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avčk pitit pitit yo, sa te fč antou sčz moun.
46:19 Men non pitit gason Rachčl, madan Jakňb: Jozčf ak Benjamen.
46:20 Pandan Jozčf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prčt lavil On an, te fč Manase ak Efrayim pou li.
46:21 Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekč, Achbčl, Gera, Naaman, Ei, Wňch, Moupen, Oupim epi Ad.
46:22 Se pitit gason sa yo Rachčl te fč pou Jakňb. Avčk pitit pitit yo, sa te fč antou katňz moun.
46:23 Men non pitit gason Dann lan: Ouchim.
46:24 Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyčl, Gouni, Jezč epi Chilčm.
46:25 Se pitit gason sa yo Bila te fč pou Jakňb. Bila sa a, se te sčvant Laban te bay Rachčl, pitit fi li a. Avčk pitit pitit yo, sa te fč antou sčt moun.
46:26 Antou sa te fč swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakňb, san konte madanm pitit li yo.
46:27 Avčk Jozčf ki te gen tan fč de pitit nan peyi Lejip, sa te fč antou swasanndis moun laras Jakňb ki te vin nan peyi Lejip.
46:28 ś Izrayčl te voye Jida devan al mande Jozčf pou l' vin jwenn li Gochenn.
46:29 Jozčf fč pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozčf rive devan papa l', li lage kň l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepňl li.
46:30 Izrayčl di Jozčf konsa: -Koulye a, mwen wč figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mčt mouri.
46:31 Epi Jozčf di frč l' yo ak tout fanmi papa l' yo: -Mwen pral avčti wa a. Mwen pral di l': men frč m' yo ak tout fanmi papa m' yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la.
46:32 Se gadň mouton yo ye. Se bčt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bčf yo ansanm ak tout sa yo genyen.
46:33 Lč farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou,