Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - HEBREWS 12

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    12:1 ś Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avčk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

    12:2 Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fč l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fč kč l' kontan. Kifč koulye a li chita sou bň dwat fotčy Bondye a.

    12:3 Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechč sa yo ki pa t' vle wč l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.

    12:4 ś Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.

    12:5 Eske nou gen tan bliye pawňl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lč Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwčt. Lč l'ap fč ou repwňch, pa dekouraje.

    12:6 Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekončt pou pitit li li bat.

    12:7 Enben, sipňte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prčv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li?

    12:8 Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyň.

    12:9 Chonje sa papa nou sou latč a konn fč. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumčt devan Papa nou ki nan syčl la, si nou bezwen viv.

    12:10 Papa nou sou latč a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwč ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.

    12:11 Lč y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fč nou plis lapenn pase pou l' ta fč nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kč poze.

    12:12 Se poutčt sa, souke kň nou. Pa kite fatig antre sou nou.

    12:13 Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrč pou l' ka geri.

    12:14 Chache viv ak kč poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wč Seyč a.

    12:15 Pa kite pesonn vire do bay favč Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmč k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lňt yo.

    12:16 Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pčdi respč yo dwe genyen pou bagay ki fčt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kňm premye pitit pou yon plat manje.

    12:17 Nou konnen ki jan pita, lč li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fčt la.

    12:18 ś Nou pa t' pwoche bň kot yon bagay nou ka manyen tankou pčp Izrayčl la ki te pwoche bň kot Mňn Sinayi a. Sou mňn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fčnwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fč moun pč. Yon gwo van tanpčt t'ap soufle sou mňn lan.

    12:19 Yo te tande son klewon k'ap kňnen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lč pitit Izrayčl yo tande vwa sa a, yo mande l' sispann pale.

    12:20 Yo pa t' kapab sipňte lňd li te ba yo lč li te di: Menm si se yon bčt ki mete pye l' sou mňn sa a, se pou yo touye l' ak kout wňch.

    12:21 Moyiz menm, sa l' te wč devan je l' yo se te bagay terib. Se poutčt sa li te di: M'ap tranble kou fčy bwa tčlman mwen pč.

    12:22 Okontrč, nou pwoche bň kot Mňn Siyon an, bň kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalčm ki nan syčl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.

    12:23 Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kč kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syčl la. Nou pwoche bň kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nčt yo ye a.

    12:24 Nou pwoche bň kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bň kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abčl la.

    12:25 Veye kň nou! Pa refize koute pawňl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawňl moun ki t'ap ba yo avčtisman Bondye sou latč a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syčl la.

    12:26 Nan tan lontan, lč Bondye te pale, tč a te tranble. Men, koulye a, li fč nou pwomčs sa a: Yon lňt fwa, se pa latč a ase m'ap fč tranble. M'ap fč syčl la tranble tou.

    12:27 Lč li di yon lňt fwa li fč nou konprann lč sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparčt. Konsa se bagay ki byen fčm yo k'ap rete.

    12:28 Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mčsi pou sa. Ann fč wč nou pa bliye sa li fč pou nou. Ann sčvi Bondye yon jan ki pou fč l' plezi, avčk respč, avčk krentif.

    12:29 Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar