Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - ISAIAH 11

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    11:1 ś Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyňl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.

    11:2 Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrčs pou l' dirije. L'ap fč l' konn Seyč a, l'ap fč l' gen krentif pou li.

    11:3 L'a pran plezi l' pou l' obeyi Seyč a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l' jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l' pou l' rann jijman.

    11:4 L'ap rann jijman pou pňv yo san patipri. L'ap defann dwa pňv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fč nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparčt yo.

    11:5 L'a gouvčnen pčp la san patipri, l'a dirije pčp la jan sa dwe fčt!

    11:6 Bčt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bčf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lčfini, se yon timoun ki pral okipe yo.

    11:7 Manman bčf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bčf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zčb tankou bčf.

    11:8 Ti bebe nan tete va jwe devan twou koulčv. Timoun fčk sevre va lonje men yo nan bouch twou sčpan san anyen p'ap rive yo.

    11:9 Pesonn p'ap fč mechanste. Pesonn p'ap fč sa ki mal sou mňn ki apa pou Bondye a, sou mňn Siyon an! Paske kč tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmč a plen dlo.

    11:10 ś Yon jou gen pou vini. Lč sa a, ti kreyňl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bň kote l'. Y'a fč lwanj li nan lavil kote l' rete a.

    11:11 Jou sa a, Seyč a va fč wč fňs ponyčt li yon dezyčm fwa ankň. L'a delivre ti rčs pčp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depňte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwňs, Letiopi, Elam, Babilňn ak Amat, nan tout peyi lakňt yo ak nan tout zile yo.

    11:12 Seyč a pral leve yon drapo pou l' fč moun lňt nasyon yo wč li pral sanble tout moun pčp Izrayčl yo te depňte yo. L'ap ranmase tout moun pčp Jida ki te gaye toupatou sou latč yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo.

    11:13 Moun peyi Efrayim yo p'ap fč jalouzi ankň. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kč ankň. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sň moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lčnmi ankň ak moun Izrayčl yo.

    11:14 Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bň solčy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bň solčy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumčt devan yo.

    11:15 Seyč a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyč Lejip la. Li pral cheche dlo larivyč Lefrat la. L'ap fč l' tounen sčt ti kannal dlo, konsa tout moun ka janbe l' ak tout sapat nan pye yo.

    11:16 L'ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rčs pčp li a k'ap viv laba a, menm jan li te fč l' pou pčp Izrayčl la jou yo t'ap soti kite Lejip la.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar