39:1 ś Nan menm epňk sa a, wa peyi Babilňn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refč. Li voye yon lčt ba li ansanm ak yon kado.
39:2 Ezekyas te kontan jčs la. Li moutre mesaje wa Babilňn te voye yo tout richčs li yo: pyčs an ajan, lň, epis, boutčy odč, zam ansanm ak tout lňt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fč yo wč dčnye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
39:3 Lč sa a, pwofčt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilňn.
39:4 Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wč nan palč a? Ezekyas reponn li: -Yo wč tou sa ki nan palč a. Mwen fč yo wč dčnye bagay mwen gen nan depo m' yo.
39:5 ś Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyč ki gen tout pouvwa a voye ba ou:
39:6 Yon lč gen pou rive. Lč sa a, y'ap pran dčnye bagay ki nan palč ou la, tou sa zansčt ou yo te anpile jouk jounen jňdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilňn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyč a menm ki di sa.
39:7 Y'ap pran kčk nan pwňp pitit pitit ou yo, y'ap depňte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sčvi nčg konfyans nan palč wa Babilňn lan.