Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JEREMIAH 27

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    27:1 ś Sedesyas, pitit Jozyas la, te gen katran depi li fčk moute wa nan peyi Jida, lč Seyč a pale ak Jeremi ankň.

    27:2 Seyč a di l' konsa: -Pran kňd ak bwa yo sčvi pou fč jouk bčf. Mete yo sou zepňl ou.

    27:3 Lčfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Moab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmčt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wč wa Sedesyas lavil Jerizalčm.

    27:4 W'a ba yo chak yon misyon pou mčt yo. W'a di yo men mesaj Seyč ki gen tout pouvwa a, Bondye pčp Izrayčl la, ba yo pou mčt yo:

    27:5 -Se mwen menm avčk gwo kouraj mwen epi ak fňs ponyčt mwen ki fč latč ansanm ak tout moun ak tout bčt k'ap viv sou latč. Mwen pran yo bay moun mwen vle.

    27:6 Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nčbikadneza, wa Babilňn, sčvitč m' lan. Mwen ba li ata bčt nan bwa yo pou yo soumčt devan l'.

    27:7 Tout nasyon yo va sčvi l'. Y'a sčvi pitit li ak pitit pitit li jouk lč a va rive pou lňt nasyon ki pi fň pase l' yo, lňt wa ki pi gran pase l' yo va fč peyi pa l' la sčvi yo tou.

    27:8 Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pčp li derefize soumčt devan Nčbikadneza, wa Babilňn lan, si yonn ladan yo refize bese tčt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagč, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fč Nčbikadneza fini nčt ak li.

    27:9 Pa koute pwofčt nou yo, ni divinň nou yo, ni ankenn lňt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fč rčv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syčl la ou ankň paske yo konn fč maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sčvi wa Babilňn lan.

    27:10 Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depňte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyň. Lčfini, nou tout pral mouri.

    27:11 Men, si yon nasyon asepte bese tčt li devan otorite wa Babilňn lan pou sčvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latč, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyč a ki di sa.

    27:12 ś Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pčp la, se pou nou bese tčt devan otorite wa Babilňn lan. Se pou nou sčvi ni li ni pčp li a, konsa n'a viv.

    27:13 Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pčp ou a, nan lagč, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyč a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumčt devan wa Babilňn lan.

    27:14 Gen yon bann pwofčt k'ap plede di nou p'ap janm sčvi wa Babilňn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay.

    27:15 Se Seyč a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l' pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyň, m'ap fč nou mouri, ni nou ni pwofčt k'ap ban nou manti yo.

    27:16 Apre sa, mwen pale ak prčt yo ansanm ak pčp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyč a bay. Pa koute pwofčt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilňn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay.

    27:17 Pa koute yo. Soumčt devan wa Babilňn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fč lavil Jerizalčm lan tounen mazi.

    27:18 Si yo se pwofčt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyč a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyč ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rčs bon bagay ki nan Tanp lan, ak rčs bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalčm lan pou pote yo ale lavil Babilňn.

    27:19 Seyč a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lňt richčs ki te nan lavil la toujou.

    27:20 Se bagay sa yo Nčbikadneza, wa Babilňn lan, te kite lavil Jerizalčm lč li t'ap depňte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilňn, ansanm ak grannčg peyi Jida yo ak grannčg lavil Jerizalčm yo.

    27:21 Wi, men sa Seyč ki gen tout pouvwa a, Bondye pčp Izrayčl la, te di sou rčs bon bagay ki te nan kay Seyč a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalčm:

    27:22 Y'ap pote yo ale lavil Babilňn. Y'ap rete la jouk lč m'a vin pran yo pou m' fč yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Seyč a ki di sa.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar