Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOB 11

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    11:1 ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

    11:2 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.

    11:3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?

    11:4 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!

    11:5 Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!

    11:6 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.

    11:7 ¶ Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?

    11:8 Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?

    11:9 Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.

    11:10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?

    11:11 Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.

    11:12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.

    11:13 ¶ Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.

    11:14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.

    11:15 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.

    11:16 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.

    11:17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.

    11:18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.

    11:19 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.

    11:20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar