16:1 ś Jňb pran lapawňl ankň, li di konsa:
16:2 -Mwen bouke tande pawňl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
16:3 Kilč n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
16:4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bčl diskou sou nou.
16:5 M' ta remoute kouraj nou ak konsčy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
16:6 ś Men, lč mwen pale, doulč a la pi rčd pou mwen. Lč mwen pa pale, se pa sa k'ap fč l' ban m' yon ti louga.
16:7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avč m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.
16:8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wč m' ankň. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antň ki fč sa rive m'.
16:9 Nan kňlč li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wč m'!
16:10 Moun prčt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflčt.
16:11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.
16:12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dčyč nwa kou, li kraze m', li fč m' tounen jwčt li.
16:13 L'ap voye flčch li sou mwen kote m' vire. Li pčse tout kň m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyň.
16:14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sňlda nan lagč.
16:15 Mwen fč rad sak mete sou mwen, mwen woule kň m' nan pousyč tčlman mwen te nan lapenn.
16:16 Je m' vin wouj afňs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.
16:17 ś Men, mwen konnen mwen pa fč ankenn moun mechanste. Mwen lapriyč Bondye ak tout kč m'.
16:18 Ou menm latč, pa kache mizč mwen. Pa kite yo fčmen bouch mwen lč m'ap rele nan pye Bondye!
16:19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syčl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
16:20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.
16:21 Mwen bezwen moun pou plede kňz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kňz zanmi l'.