28:1 ś Gen mi n anba tč kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lň.
28:2 Yo fouye tč pou jwenn fč. Yo fonn wňch pou jwenn kwiv.
28:3 Yo desann ak limyč anba tč, kote ki fč nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latč, mezi yo kapab. Y' al chache wňch ki kache kote ki fč nwa anpil la.
28:4 Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridň anba tč. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kňd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.
28:5 Manje soti nan tč. Men, nan zantray latč a dife fin debňde.
28:6 Wňch latč a gen bčl pyč safi ladan l'. Nan pousyč a yo jwenn ti grenn lň.
28:7 Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wč kote sa a ak je l'.
28:8 Ni lyon, ni ankenn lňt bčt nan bwa, pa janm mete pye yo la.
28:9 Yo fouye nan wňch dife. Yo fč gwo twou byen fon nan pye mňn yo.
28:10 Yo fč gwo koridň byen long nan wňch yo. Yo jwenn tout kalite bčl pyč bijou ki koute chč.
28:11 Yo fouye nan sous tčt dlo yo tou. Yo mete deyň tou sa ki te kache.
28:12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
28:13 Lčzňm pa konnen sa pou yo fč pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latč.
28:14 ś Fon lanmč a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmč a deklare bon konprann pa lakay li.
28:15 Ou te mčt gen lň, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.
28:16 Li gen plis valč pase lň peyi Ofi a. Bčl pyč oniks ak safi pa ka parčt la.
28:17 Yo pa ka konpare l' ni ak lň ni ak bčl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bčl veso fčt an lň.
28:18 Pou grenn koray ak wňch kristal menm, yo pa ka parčt la. Pito ou al dčyč bon konprann pase ou ale dčyč bčl pyč lanbi.
28:19 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lň a pa ka konpare ak bon konprann.
28:20 ś Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
28:21 Pa gen moun, pa gen bčt ki ka wč l', pa menm zwazo k'ap vole nan syčl la.
28:22 Ata lanmň ak simityč di se tande yo tande nonmen non l'.
28:23 Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.
28:24 Paske Bondye wč dčnye bout latč. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syčl la.
28:25 Lč Bondye t'ap bay van yo pčz yo, lč li t'ap bay dlo lanmč a mezi kote pou l' rive a,
28:26 lč li t'ap bay lňd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lč y'ap gwonde,
28:27 se lč sa a li te wč bon konprann, li wč sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.