35:1 ¶ Eliyou pran lapawòl ankò, li di:
35:2 -Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,
35:3 lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen.
35:4 Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.
35:5 Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!
35:6 Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen?
35:7 Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?
35:8 Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.
35:9 ¶ Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.
35:10 Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj.
35:11 Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.
35:12 Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.
35:13 Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.
35:14 ¶ Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.
35:15 Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen.