37:1 ś Lč konsa, kč m' ap bat. M' santi l'ap rache.
37:2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!
37:3 Zčklč a kouri nan tout syčl la. Li klere dčnye bout latč.
37:4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avčk fňs. Lč konsa, zčklč fč mikalaw.
37:5 Lč Bondye ap pale konsa, li fč bčl bagay, bagay nou pa ka konprann.
37:6 ś Li bay lančj lňd kouvri latč. Li bay gwo lapli lňd tonbe.
37:7 Li fč tout moun sispann travay. Li fč yo wč sa se travay pa l'.
37:8 Tout bčt antre nan twou. Y' al kache kň yo nan nich.
37:9 Van tanpčt soti nan sid. Van frčt soti nan nň.
37:10 Souf Bondye fč dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.
37:11 Zčklč yo ap fč yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
37:12 Bondye fč yo vire nan syčl la jan li vle. Yo fč tou sa li ba yo lňd fč toupatou sou latč.
37:13 Bondye voye lapli pou wouze latč. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.
37:14 ś Louvri zňrčy ou, Jňb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tčt ou, egzaminen bčl travay Bondye yo byen.
37:15 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lňd, ki jan li fč zčklč yo klere nan nwaj yo?
37:16 Eske ou konnen ki jan nwaj yo fč flote nan syčl la? Sa se yon bčl bagay. Pou ou fč l' fňk ou gen anpil ladrčs.
37:17 Lč van cho ki soti nan sid la ap kwit tč a, ou santi rad sou ou ap boule tout kň ou.
37:18 Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syčl la, pou fč yo di tankou bout fč?
37:19 Fč m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.
37:20 Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'?
37:21 ś Ou rete konsa ou pa wč solčy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fč solčy la klere ankň.
37:22 Yon bčl klčte, klere kou lň, parčt sou bň nň. Nou wč Bondye kanpe nan mitan yon bčl limyč ki fč nou pč.
37:23 Nou pa ka pwoche bň kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sčl gwo chčf, li sčl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.