41:1 ś Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kňd?
41:2 Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pčse machwč l' ak yon gwo zen?
41:3 Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avč ou?
41:4 Eske l'ap pase kontra avč ou pou l' sčvi ou pou tout tan?
41:5 Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avč l'?
41:6 Eske moun k'ap fč lapčch yo pral fč lajan avč l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann?
41:7 Eske ou ka pike tout po kň l' ak fwenn? Eske ou ka pčse tčt li ak yon fwenn?
41:8 Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fč sa ankň, lč w'a chonje sa l'a fč ou!
41:9 Depi ou wč levyatan an, ou pčdi tout kouraj ou. Ou annik wč l', ou tonbe atč.
41:10 Si yo leve l' nan dňmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.
41:11 ś Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latč ki ka fč sa.
41:12 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fč ou konnen pa gen bčt ki gen fňs pase l'.
41:13 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pčse karapas li.
41:14 Ki moun ki janm fňse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fč moun kouri.
41:15 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lňt. Yo di kou wňch.
41:16 Yo kole yonn ak lňt, yo fč yon sčl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lč pase.
41:17 Yo sitčlman byen kole yonn ak lňt anyen pa ka separe yo.
41:18 Lč l' estčnen, limyč fč yan-yan. Je l' klere tankou solčy lč l'ap leve.
41:19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensčl dife ap vole soti ladan l'.
41:20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyč k'ap bouyi sou dife.
41:21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.
41:22 Se nan kou li tout fňs li ye. Depi moun wč l', kč yo kase.
41:23 Po li fč kal kal sou tout kň li. Yo kole yonn ak lňt. Yo di kou wňch.
41:24 Kč li di kou wňch, li pa pč anyen. Li fčm kou wňl moulen.
41:25 Lč li leve kanpe, ata gwončg yo pč. Yo kouri san gad dčyč.
41:26 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flčch pa ka fč l' anyen.
41:27 Pou li, nenpňt bout fč lejč kou pay, nenpňt bout asye mou tankou bannann mi.
41:28 Pa gen kout flčch ki pou fč l' kouri. Wňch fistibal, se boul koton pou li.
41:29 Yon baton fč se yon bwa mayi pou li. Li ri lč yo voye lans sou li.
41:30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tč nan jaden.
41:31 Lč l' plonje, li boulvčse fon lanmč a, se tankou dlo nan chodyč k'ap bouyi sou dife. Li fč l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odč.
41:32 Lč l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solčy la. Li fč tout lanmč a kimen.
41:33 Pa gen bčt tankou l' sou latč. Bondye kreye l' pou l' pa janm pč anyen.