13:1 ś Se te jou anvan fčt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lč a te rive pou l' te kite tč sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nčt ale.
13:2 Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tčt Jida, pitit gason Simon Iskariňt la, pou l' te trayi Jezi.
13:3 Jezi te konnen pou tčt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankň. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
13:4 Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sčvyčt, li mare l' nan ren li.
13:5 Apre sa, li vide dlo nan yon kivčt. Epi li kňmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sčvyčt li te mare nan ren l' lan.
13:6 Se konsa, li rive sou Simon Pyč ki di l' konsa: Mčt, ou menm ki pral lave pye mwen?
13:7 Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fč a. Men, wa konprann pita.
13:8 Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankň.
13:9 Simon Pyč di li: Si se konsa, Mčt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tčt mwen.
13:10 Jezi di li: Lč yon moun fin benyen, tout kň l' pwňp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwňp, men se pa nou tout ki pwňp.
13:11 (Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutčt sa li te di: Se pa nou tout ki pwňp.)
13:12 Lč l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankň, li tounen nan plas li bň tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fč la a?
13:13 Nou rele m' Mčt, nou rele m' Seyč. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.
13:14 Si mwen menm ki Seyč, mwen menm ki Mčt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lňt.
13:15 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fč menm bagay mwen te fč pou nou an.
13:16 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannčg pase mčt li. Moun yo voye a pa janm pi grannčg pase moun ki voye l' la.
13:17 Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fč menm jan an tou.
13:18 ś Lč m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fňk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avč m' lan, se li menm ki trayi mwen.
13:19 M'ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lč yo rive vre nou ka kwč mwen se moun mwen ye a.
13:20 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.
13:21 Lč Jezi fin di pawňl sa yo, li santi kč l' te boulvčse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
13:22 Disip yo menm, yonn t'ap gade lňt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale.
13:23 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kňtakňt avčk li.
13:24 Simon Pyč fč l' siy pou l' mande Jezi ki moun li t'ap pale.
13:25 Lč sa a, disip la panche tčt li bň Jezi, li mande li: Seyč, kilčs sa a?
13:26 Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wč m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariňt la.
13:27 Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fč a, fč l' vit.
13:28 (Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa.
13:29 Anpil te fč lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fčt la, ou ankň te mande l' bay pňv yo kichňy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)
13:30 Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fč nwa deyň a.
13:31 ś Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wč pouvwa Moun Bondye voye nan lachč a. Se koulye a li pral fč nou wč pouvwa Bondye parčt nan li.
13:32 Si li fč nou wč pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fč nou wč pouvwa Pitit la. Epi l'ap fč l' talč konsa.
13:33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankň avč nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a.
13:34 Men, m'ap ban nou yon kňmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lňt. Wi, se pou nou yonn renmen lňt menm jan mwen renmen nou an.
13:35 Si nou yonn renmen lňt, lč sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
13:36 ś Simon Pyč mande li: Seyč, ki bň ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.
13:37 Pyč di li: Seyč, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou.