Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOSHUA 6

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    6:1 ś Yo te fčmen tout pňtay lavil Jeriko yo, yo te barikade yo poutčt moun pčp Izrayčl yo. Deyň pa antre, anndan pa soti.

    6:2 Seyč a di Jozye konsa: -Koute. Mwen pral lage lavil Jeriko nan men ou ansanm ak wa a ak tout vanyan sňlda li yo.

    6:3 Ou menm ak tout sňlda pa ou yo, nou pral mache fč wonn lavil la yon fwa chak jou pandan sis jou.

    6:4 Sčt prčt va mache devan Bwat Kontra a, avčk sčt kňn belye pou kňnen, yonn nan men yo chak. Men, setyčm jou a, n'a mache fč wonn lavil la sčt fwa ansanm ak prčt k'ap kňnen kňn belye yo.

    6:5 Lč n'a tande yon kout kňn ki trennen, tout pčp la va pran pouse yon sčl rčl byen fň. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atč. Lč sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.

    6:6 ś Se konsa, Jozye, pitit gason Noun lan, rele prčt yo, li di yo: -Leve Bwat Kontra a, mete l' sou zepňl nou. Sčt prčt va mache devan l' avčk kňn belye yo nan men yo.

    6:7 Apre sa, li di pčp la: -Leve mache! Nou pral fč wonn lavil la. Pňsyon lame ki pou mache devan an va pran devan Bwat Kontra a.

    6:8 Pčp la fč jan Jozye te ba yo lňd fč a. Sčt prčt yo pran devan Bwat Kontra Seyč a, yo t'ap kňnen kňn yo.

    6:9 Pňsyon lame ki pou mache devan an pran devan prčt ki t'ap kňnen yo. Pňsyon lame ki pou mache dčyč a t'ap mache dčyč Bwat Kontra a. Pandan yo t'ap mache konsa, yo t'ap kňnen kňn belye yo.

    6:10 Men, Jozye te bay pčp la lňd pou yo pa t' pouse ankenn rčl jan yo te konn fč l' la lč y'ap goumen. Se pou yo tout rete bouch fčmen, san di yon mo, jouk lč l'a ba yo lňd pouse rčl goumen an.

    6:11 Prčt yo pati ak Bwat Kontra Seyč a, yo fč wonn lavil yon fwa. Apre sa, yo tounen nan kan an epi yo pase nwit lan la.

    6:12 Nan denmen maten, Jozye leve, epi prčt yo pran Bwat Kontra Seyč a ankň.

    6:13 Sčt prčt yo avčk sčt kňn belye yo t'ap mache devan Bwat Kontra a. Yo t'ap kňnen. Pňsyon lame ki pou devan an t'ap mache devan yo, pňsyon lame ki pou mache dčyč a t'ap mache dčyč Bwat Kontra a: yo t'ap kňnen tout tan yo t'ap mache a.

    6:14 Dezyčm jou a, yo mache fč wonn lavil la ankň yon sčl fwa. Epi yo tounen nan kan yo. Yo fč sa konsa pandan sis jou.

    6:15 Sou setyčm jou a, yo leve lč bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fč wonn lavil la sčt fwa. Se jou sa a ase yo te fč wonn lavil la sčt fwa.

    6:16 Setyčm fwa a, apre prčt yo fin kňnen kňn belye yo, Jozye di pčp la konsa: -Nou mčt rele koulye a! Seyč a lage lavil la nan men nou!

    6:17 ś Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dčnye moun ki ladan l'. Sčl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennčs la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo.

    6:18 Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyč a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakňz malč tonbe sou kay moun Izrayčl yo, n'ap lakňz tčt chaje vin pou tout moun.

    6:19 Tout bagay ki fčt an lň, an ajan, an fč osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyč a. N'a depoze yo nan depo richčs Seyč a.

    6:20 Se konsa, yo kňnen kňn belye yo. Tande pčp la tande son kňn belye yo, yo pouse yon sčl gwo rčl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atč. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.

    6:21 Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyč a. Avčk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bčf, tout mouton, tout bourik.

    6:22 Jozye rele de mesye li te voye an kachčt al vizite lavil Jeriko a, li di yo: -Ale lakay jennčs la. Fč l' soti ak tout fanmi li, jan nou te pwomčt li a.

    6:23 Se konsa y' ale, yo fč Rarab soti ansanm ak papa l', manman l', frč l' yo, tout rčs fanmi l' yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyň kan moun Izrayčl yo.

    6:24 Yo mete dife nan lavil la, yo boule l' nčt ak tou sa ki ladan l', an wetan bagay ki te fčt an lň, an ajan, an fč ak an kwiv yo. Yo pran yo, yo pote yo nan depo richčs Seyč a.

    6:25 Men, Jozye te sove Rarab, jennčs la, ak tout fanmi l' yo ansanm ak tou sa ki pou yo, paske Rarab te kache mesye Jozye te voye espyonnen lavil Jeriko a. Moun fanmi Rarab yo ap viv jouk koulye a nan mitan pčp Izrayčl la.

    6:26 Lč sa a, Jozye bay avčtisman sa a pou tout moun, li di: -Madichon Bondye pou nenpňt moun ki konprann pou l' ta rebati lavil yo rele Jeriko a. Si yon moun mete men nan fondasyon l' yo, l'ap pčdi premye pitit gason l' lan. Si yon moun remoute pňtay li yo, l'ap pčdi dčnye pitit gason l' la.

    6:27 Se konsa Seyč a te kanpe la avčk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar