Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOSHUA 8

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    8:1 ś Seyč a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pč. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sňlda yo avč ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pčp la, lavil la ak tout zňn yo a nan men ou.

    8:2 Menm sa ou te fč moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fč moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bčt yo pou nou. Fč sňlda yo al anbiske kň yo pou yo atake lavil la pa dčyč.

    8:3 ś Se konsa, Jozye reyini tout sňlda pčp Izrayčl yo, li fč plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (30.000) vanyan gason, li fč yo pati devan nan mitan lannwit.

    8:4 Men lňd li ba yo: -Al anbiske kň nou lňt bň sou dčyč lavil la. Pa kache twň lwen non. Epi pare pou nou atake.

    8:5 Mwen menm, mwen pral pwoche bň lavil la avčk tout sňlda ki avč m' yo pa devan pňtay la. Lč n'a wč moun lavil yo soti vin fč fas kare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankň, jan nou te fč l' anvan an.

    8:6 Yo menm menm yo pral kouri dčyč nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dčyč yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a.

    8:7 Lč sa a, nou menm ki te kache sou dčyč a, n'a soti kote nou te anbiske kň nou an, n'a antre nan lavil la, paske Seyč a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou.

    8:8 Lč n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l' jan Seyč a te mande l' la. Men lňd mwen ban nou.

    8:9 Se konsa, Jozye voye yo ale. Y' al anbiske kň yo sou dčyč lavil la, sou bň solčy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betčl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an.

    8:10 Nan maten, bonč bonč, Jozye leve, li reyini tout lňt sňlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatčt lame a ansanm ak tout chčf fanmi pčp Izrayčl yo.

    8:11 Sňlda ki te avč l' yo rive jouk anfas pňtay lavil la. Yo moute kan yo sou bň nň lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a.

    8:12 Jozye pran senkmil (5.000) sňlda, li fč yo al kache sou bň solčy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betčl.

    8:13 Se konsa, pifň nan lame a moute kan yo sou bň nň lavil la, epi rčs lame a al kache kň yo sou bň solčy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an.

    8:14 Lč wa lavil Ayi a wč sňlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayčl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dčyč.

    8:15 Jozye ak moun pa l' yo fč tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kň yo nan dezč a.

    8:16 Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dčyč yo, yo t'ap rele byen fň. Se konsa, nan kouri dčyč Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dčyč.

    8:17 Pa t' gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri soti dčyč pčp Izrayčl la. Yo kite pňtay lavil la gran batan louvri san pesonn pou defann li.

    8:18 Seyč a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la.

    8:19 Leve li leve men l', mesye ki te anbiske kň yo soti byen vit nan kachčt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l'.

    8:20 Lč mesye lavil Ayi yo vire tčt yo gade, yo wč yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syčl, yo pa t' konn ki bň pou yo fč, paske lč sa a, sňlda pčp Izrayčl ki t'ap kouri nan direksyon dezč a te vire tounen sou yo.

    8:21 Lč Jozye ak tout moun li yo wč lňt sňlda ki te kache yo te pran lavil la, lč yo wč dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo.

    8:22 Lňt moun pčp Izrayčl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sčnen toupatou ak moun pčp Izrayčl yo. Sňlda pčp Izrayčl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan,

    8:23 ś esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye.

    8:24 Moun Izrayčl yo kouri dčyč lčnmi yo nan tout mňn yo ak nan tout dezč a. Lč yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'.

    8:25 Jou sa a, yo touye douzmil (12000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a.

    8:26 Jozye menm te kenbe bra l' leve anlč ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyč a.

    8:27 Moun Izrayčl yo te pran tout bčt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyč a te bay Jozye lňd la.

    8:28 Jozye boule lavil Ayi a, li fč l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jňdi a.

    8:29 Li fč yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswč. Lč solčy kouche, Jozye bay lňd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pňtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wňch sou li. Pil wňch la la jouk jňdi a.

    8:30 ś Lč sa a, Jozye bati yon lotčl pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, sou mňn Ebal.

    8:31 Li bati li dapre lňd Moyiz, sčvitč Seyč a, te bay moun pčp Izrayčl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotčl ak wňch ki pa t' janm travay ak zouti fč. Yo ofri sou lotčl la bčt yo touye pou boule nčt pou Seyč a, epi yo touye bčt pou mande Bondye padon.

    8:32 Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pčp Izrayčl la, li kopye l' sou tout wňch lotčl la devan tout pčp la.

    8:33 Apre sa, tout pčp Izrayčl la vini ak chčf fanmi yo, direktč yo ak jij yo ansanm ak moun lňt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bň Bwat Kontra Seyč a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepňl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mňn Garizim, mwatye sou bň mňn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sčvitč Bondye a, te ba yo lňd kanpe lč lč a va rive pou yo resevwa benediksyon.

    8:34 Lčfini, Jozye li tout pawňl ki te nan liv lalwa a, pawňl benediksyon yo kou pawňl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a.

    8:35 Jozye li tout kňmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pčp Izrayčl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lňt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar