Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JUDE 1

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    1:1 ś Mwen menm Jid, sčvitč Jezikri, frč Jak la, m'ap ekri nou lčt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.

    1:2 Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kč poze ak renmen an kantite.

    1:3 ś Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sčl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.

    1:4 Paske, gen kčk mechan ki gen tan fofile kň yo nan mitan nou. Se moun ki san respč pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sčvi yon kouvčti pou fč dezňd. Yo vire do bay Jezikri ki sčl Mčt ak sčl Segnč nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.

    1:5 Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen prňp, mwen vle fč nou chonje ki jan, lč Bondye te fin delivre pčp Izrayčl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwč yo.

    1:6 Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fčnwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.

    1:7 Menm jan an tou, chonje moun Sodňm ak Gomň ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fč tankou zanj sa yo. Yo te lage kň yo nan tout kalite dezňd lachč, yo te menm rive nan fč gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avčtisman pou tout moun.

    1:8 ś Menm jan an tou, mesye sa yo, avčk tout vizyon y'ap plede fč yo, y'ap fč tout kalite vye bagay ak kň yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syčl yo mal.

    1:9 Menm Akanj Michčl, lč li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmčt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mčt la va regle avč ou.

    1:10 Yo menm, okontrč, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bčt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pčdi yo.

    1:11 Malč pou yo! Y'ap fč menm rout ak Kayen. Pou yo ka fč kňb, yo lage kň yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fč rebčl ak Bondye.

    1:12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fč pou frč yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwč kont kň yo san chonje moun; se prňp tčt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syčl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekňt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nčt.

    1:13 Yo tankou lanm lanmč lč lanmč a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyň. Yo tankou zetwal ki pčdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fč pi nwa a pou tout tan.

    1:14 Depi lontan, Enňk, ki te vin sčt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lč l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.

    1:15 ś L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fč kont Bondye. Moun sa yo ki te san respč pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move parňl yo te di sou li.

    1:16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterč yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tčt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.

    1:17 Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje parňl apňt Segnč Jezikri yo te di nou davans lan.

    1:18 Yo te di nou konsa: Lč dčnye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respč pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.

    1:19 Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachč dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo.

    1:20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fč nou viv pou Bondye nčt ale. Avčk pouvwa Sentespri a, annou lapriyč san rete.

    1:21 Rete fčm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnč nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.

    1:22 Gen pitye pou frč yo ki nan doutans toujou.

    1:23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lňt moun yo tou. Men, fč atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.

    1:24 Koulye a tout lwanj, tout grandč, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sčl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fč nou parčt san reprňch ak kč kontan devan l' nan tout bčl pouvwa li.

    1:25 Li menm, sčl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnč nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandč, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amčn.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar