Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - LAMENTATIONS 3

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    3:1 ¶ Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.

    3:2 Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'.

    3:3 Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete.

    3:4 Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.

    3:5 Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon.

    3:6 Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo.

    3:7 Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn.

    3:8 Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'.

    3:9 Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite.

    3:10 Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.

    3:11 Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'.

    3:12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.

    3:13 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'.

    3:14 Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen.

    3:15 Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.

    3:16 Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch.

    3:17 Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.

    3:18 Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.

    3:19 Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.

    3:20 Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache

    3:21 ¶ Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay.

    3:22 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.

    3:23 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.

    3:24 Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.

    3:25 Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.

    3:26 Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.

    3:27 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.

    3:28 Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen.

    3:29 Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.

    3:30 Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.

    3:31 Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.

    3:32 Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.

    3:33 Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.

    3:34 Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton,

    3:35 lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,

    3:36 lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!

    3:37 ¶ Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.

    3:38 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.

    3:39 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!

    3:40 Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!

    3:41 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!

    3:42 ¶ Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.

    3:43 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.

    3:44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.

    3:45 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.

    3:46 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.

    3:47 N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!

    3:48 De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!

    3:49 Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann,

    3:50 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè!

    3:51 Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo!

    3:52 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.

    3:53 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.

    3:54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!

    3:55 ¶ Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!

    3:56 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.

    3:57 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!

    3:58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.

    3:59 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.

    3:60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.

    3:61 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.

    3:62 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.

    3:63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!

    3:64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.

    3:65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!

    3:66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar