Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - LEVITICUS 17

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    17:1 ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

    17:2 -Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo epi ak tout moun pčp Izrayčl yo. W'a di yo: Men bagay Seyč a bay lňd pou nou fč:

    17:3 Si yonn nan moun Izrayčl yo touye yon towo bčf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankň lňt bň limit kan an,

    17:4 depi se pa devan pňt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyč a la devan kay Seyč a, moun sa a koupab, li fč yon krim, li fč san koule. Se pou yo wete l' nčt nan mitan moun pčp Bondye a.

    17:5 Sa vle di: Depi koulye a moun pčp Izrayčl yo gen pou mennen devan Seyč a tout bčt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prčt la devan pňt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bčt y'ap ofri pou di Bondye mčsi.

    17:6 Prčt la va pran san an, l'a vide l' sou lotčl la, devan pňt Tant Randevou a. L'a boule grčs la pou l' fč yon bon sant ki va fč Seyč a plezi.

    17:7 Se pou moun pčp Izrayčl yo sispann ofri bčt pou yo touye bay zidňl nan jaden tankou yo te konn fč lč yo te vire do bay Bondye a. Se pou pčp la toujou kenbe lňd sa a de pitit an pitit.

    17:8 Epi w'a di yo ankň: Ankenn moun nan pčp Izrayčl la, ni moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa touye bčt yo ofri ni pou yo boule nčt ni pou lňt kalite sčvis

    17:9 ankenn lňt kote, si se pa devan pňt Tant Randevou a pou li ofri l' bay Seyč a. Si se pa sa, y'a wete l' nčt nan mitan moun pčp Bondye a.

    17:10 ś Pesonn ni nan pčp Izrayčl la, ni pami moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fč l', mwen menm Seyč a, mwen p'ap okipe l' ankň, m'ap wete l' nan mitan pčp mwen an.

    17:11 Nanm tout bčt vivan se nan san an li ye. Se poutčt sa, mwen menm Seyč a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotčl la pou li ka wete peche pčp la. Nou bay san an pou nanm nou.

    17:12 Se poutčt sa Seyč a te di moun pčp Izrayčl yo: Pesonn nan pčp Izrayčl la, ni ankenn moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou pa gen dwa manje vyann ki gen san ladan l'.

    17:13 Lč yon moun nan pčp Izrayčl la osinon yon moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bčt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l'a vide tout san bčt la atč epi la kouvri l' ak tč.

    17:14 Paske nanm tout bčt vivan se nan san an li ye. Se poutčt sa mwen menm, Seyč a, mwen di moun pčp Izrayčl yo: Yo pa gen dwa manje vyann ankenn bčt ak tout san an ladan l'. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l', m'ap wete yo nan mitan pčp mwen an.

    17:15 Mwen pa bezwen konnen si se moun pčp Izrayčl la osinon moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bčt mouri osinon vyann bčt yon lňt bčt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč. Se aprč sa l'a nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň.

    17:16 Men, si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nčt, l'a peye sa l' fč a.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar