22:1 ś Seyč a pale ak Moyiz, li di li:
22:2 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sčvi ak sa moun pčp Izrayčl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyč a.
22:3 W'a di yo pou mwen: Lč yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fč sčvis mwen, si li pwoche bň kote ofrann moun pčp Izrayčl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parčt devan m' ankň! Se mwen menm ki Seyč a.
22:4 Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň. Konsa tou, si yon prčt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye a.
22:5 Ou ankň si yon prčt manyen yonn nan bčt k'ap trennen sou vant yo, bčt ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa kapab fč sčvis Bondye, ou ankň si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tčt pa l', prčt la tou pa ka fč sčvis Bondye.
22:6 L'a rete nan kondisyon sa a jouk aswč, lčfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan.
22:7 Apre solčy kouche, l'a nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye. Se lč sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l'.
22:8 Li pa gen dwa manje ni vyann bčt ki mouri mň natirčl, ni vyann bčt bčt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l' nan kondisyon pou li pa kapab fč sčvis Bondye. Se mwen menm ki Seyč a!
22:9 Se pou tout prčt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lňd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyč a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen.
22:10 ś Depi yon moun pa fč pati fanmi prčt yo, li te mčt yon moun ki rete lakay yon prčt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l' lakay prčt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo.
22:11 Men, esklav yon prčt, kit se achte li te achte l', kit li te fčt lakay li, gen dwa manje nan manje prčt la resevwa a.
22:12 Si pitit fi yon prčt marye ak yon nonm ki pa prčt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fč pou Bondye yo.
22:13 Men, si pitit fi a včv osinon si li divňse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fč pati fanmi prčt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'.
22:14 Si yon moun ki pa fč pati fanmi prčt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmčt sa l' manje a plis ven pou san valč bagay la.
22:15 Prčt yo pa gen dwa kite moun ki pa fč pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye.
22:16 Si yo kite sa rive, moun lan va antň, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyč a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen.
22:17 ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
22:18 -Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pčp Izrayčl la. Men sa w'a di yo: Lč yon moun nan pčp Izrayčl la, osinon yon moun lňt nasyon k'ap viv nan peyi a fč ofrann pou boule pou Seyč a, kit se paske li te fč yon ve, kit se paske li menm li fč lide fč ofrann lan,
22:19 se pou l' chwazi yon towo bčf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan.
22:20 Si nou ofri yon bčt ki gen nenpňt enfimite, Seyč a p'ap asepte l' nan men nou.
22:21 Lč yon moun ap fč ofrann pou di Bondye mčsi, kit se paske li te fč yon ve, kit se paske li menm li vle fč ofrann lan, se pou bčt l'ap ofri a, li te mčt gwo bčt, li te mčt ti bčt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'.
22:22 Piga nou janm ofri bay Seyč a bčt je pete, bčt k'ap bwete, bčt ki pčdi janm, bčt ki gen malenng, bčt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bčt konsa pou nou mete sou lotčl la pou nou boule nan dife pou Seyč a.
22:23 Lč nou menm nou fč lide fč yon ofrann pou Seyč a, nou ka ofri yon towo bčf osinon yon belye ki difňm osinon ki kata. Men, nou pa ka sčvi ak yo pou yon ofrann n'ap fč paske nou te fč yon ve. Mwen p'ap asepte l'.
22:24 Pa ofri bay Seyč a yon mal bčt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gen dwa ofri bčt konsa nan peyi nou an.
22:25 Piga nou pran bčt moun lňt nasyon fč nou kado pou n' ofri bay Seyč a. Paske bčt konsa pa antye, yo manke kichňy nan kň yo. Seyč a p'ap asepte yo nan men nou.
22:26 Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
22:27 -Lč yon ti bčf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fčt, se pou nou kite l' dčyč manman l' pandan sčt jou. Depi sou wityčm jou a, nou gen dwa ofri l' pou boule nan dife pou Seyč a.
22:28 Kit se bčf, kit se mouton, pa janm ofri yon bčt ansanm ak pitit li menm jou a.
22:29 Lč n'ap fč ofrann pou di Bondye mčsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyč a asepte ofrann lan nan men nou.
22:30 Se pou nou manje l' menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Seyč a!
22:31 Se pou nou fč tou sa mwen ban nou lňd fč. Wi, se pou nou swiv lňd mwen yo. Se mwen menm ki Seyč a!
22:32 Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pčp Izrayčl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyč a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.