9:1 ś Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi.
9:2 Apre sa, li voye yo mache fč konnen gouvčnman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.
9:3 Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj.
9:4 Rete nan yon sčl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a.
9:5 Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyč pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avčti yo.
9:6 Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvčl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.
9:7 Lč sa a, Ewňd t'ap gouvčnen nan peyi Galile a. Li te pran nouvčl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwč. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mň yo.
9:8 Gen lňt ki t'ap di: Se Eli ki parčt. Gen lňt ki t'ap di ankň: Se yonn nan ansyen pwofčt yo ki leve pami mň yo.
9:9 Men Ewňd t'ap di: Mwen te fč koupe tčt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilčs li ye menm? Li t'ap chache wč Jezi.
9:10 ś Lč apňt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fč. Li pran yo avčk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda.
9:11 Men, lč foul moun yo vin konn sa, yo pati dčyč li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.
9:12 Lč solčy kňmanse kouche, douz disip yo pwoche bň kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dňmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezč.
9:13 Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sčlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pčp sa a?
9:14 (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fč yo chita pa ranje senkant konsa.
9:15 Disip yo koute l', yo fč tout moun chita.
9:16 Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syčl la, li di Bondye mčsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmčt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo.
9:17 Tout moun manje vant plen. Lčfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.
9:18 ś Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyč. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: Ki moun yo di mwen ye?
9:19 Yo reponn li: Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lňt ki di ou se Eli. Gen lňt ankň ki di ou se yonn nan ansyen pwofčt yo ki leve pami mň yo.
9:20 Li mande yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyč reponn li: Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a.
9:21 Jezi pase yo lňd sevč pou yo pa di pesonn sa.
9:22 Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chčf fanmi yo, chčf prčt yo ak dirčktč lalwa yo, yo yonn p'ap vle wč mwen. Y'ap fč yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmň.
9:23 Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dčyč m', se pou li bliye tčt li. Se pou li chaje kwa l' sou zčpňl li chak jou, epi swiv mwen.
9:24 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pčdi li. Men, moun ki va pčdi lavi l' poutčt mwen, la sove li.
9:25 Kisa sa ta sčvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pčdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?
9:26 Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawňl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachč a, lč m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bčl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
9:27 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wč gouvčnman Bondye a.
9:28 ś Wit jou konsa, apre li te fin di pawňl sa yo, Jezi pran Pyč, Jan ak Jak. Li moute sou yon mňn pou li al lapriyč.
9:29 Antan li t'ap lapriyč, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.
9:30 Te gen dezňm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli,
9:31 ki te parčt nan mitan yon bčl limyč ki soti nan syel la. Yo t'ap pale avčk li sou jan li tapral mouri lavil Jerizalčm pou l' te ka akonpli misyon li.
9:32 Yon bon dňmi te gen tan vňlč Pyč ak kanmarad li yo. Men, lč yo leve, yo wč bčl limyč ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bň kote l' yo.
9:33 Antan mesye yo tapral kite Jezi Pyč di li: Mčt, sa te bon nčt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Li pa t' konnen sa l' t'ap di.
9:34 Pandan li t'ap pale konsa, yon nwaj vin kouvri yo ak lonbraj li. Lč disip yo wč nwaj la ap vin sou yo, yo te pč.
9:35 Lč sa a, yo tande yon vwa ki soti nan nwaj la ki di: Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!
9:36 Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankň. Disip yo te fčmen bouch yo sou sa. Lč sa a, yo pa t' rakonte pesonn sa yo te wč.
9:37 ś Nan denmen, yo desann soti sou mňn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi.
9:38 Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mčt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sčl la mwen genyen.
9:39 Li gen yon move lespri ki konn pran l', lč konsa lespri a fč l' bay yon sčl rčl, li souke l' byen souke, li fč bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lč pou l' soti sou li.
9:40 Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab.
9:41 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilč pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilč pou m' sipňte nou? Mennen ti bway la isit.
9:42 Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atč, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fň avčk move lespri a. Li geri pitit la, li renmčt li bay papa li.
9:43 ś Tout moun te sezi pou wč jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fč konsa, Jezi di disip li yo:
9:44 Fč sa antre nan tčt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen gen pou m' tonbe anba men lčzňm.
9:45 Men, disip yo pa t' konprann pawňl la; sans li te kache pou yo, yo pa t' ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pč poze l' keksyon sou sa tou.
9:46 Apre sa, disip yo t'ap diskite yonn ak lňt pou konnen kilčs nan yo ki te pi grannčg.
9:47 Jezi vin konnen lide ki te nan tčt yo: li pran yon timoun piti li mete l' bň kote li.
9:48 Epi li di yo: Nenpňt moun ki resevwa timoun sa a poutčt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpňt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannčg.
9:49 Jan pran lapawňl, li di: Mčt, nou te wč yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fč sa paske li pa t'ap mache avčk nou.
9:50 Jezi reponn li: Kite l' non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.
9:51 ś Dat pou Jezi te moute nan syčl la t'ap pwoche. Lč sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalčm.
9:52 Li voye kčk mesaje devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk peyi Samari pou pare yon kote pou Jezi desann.
9:53 Men, moun yo pa t' vle resevwa l', paske li tapral Jerizalčm.
9:54 Lč Jak ak Jan, de nan disip yo, wč sa, yo di li: Mčt, ou pa ta vle nou bay lňd pou dife nan syčl la desann fin ak yo?
9:55 Jezi vire bň kote yo, li pale byen sčvč ak yo.
9:56 Apre sa, y' ale nan yon lňt bouk.
9:57 ś Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: M'ap swiv ou tout kote ou prale.
9:58 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo, zwezo nan syčl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen pa gen kote pou m' poze tčt mwen.
9:59 Jezi di yon lňt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mčt, pčmčt mwen al antere papa m' anvan.
9:60 Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fč konnen gouvčnman Bondye a.
9:61 Yon lňt di l' ankň: M'ap swiv ou wi, Mčt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa.