16:1 ś Lč jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kň Jezi.
16:2 Nan dimanch maten byen bonč, solčy te fčk ap leve, medam yo ale nan kavo a.
16:3 Yonn t'ap di lňt: -Ki moun ki pral woule wňch ki devan bouch kavo a pou nou?
16:4 Lč yo leve je yo, yo wč yo te gen tan woule wňch la sou kote. E se te yon gwo wňch.
16:5 Yo antre nan kavo a, yo wč yon jenn gason chita sou bň dwat la; li te gen yon wňb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pč.
16:6 Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pč: N'ap chache Jezi, moun Nazarčt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmň, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.
16:7 Ale di disip li yo ansanm ak Pyč, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wč l', jan l' te di yo a.
16:8 Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fčy bwa, yo te pč anpil. Yo pa di pesonn anyen tčlman yo te pč.
16:9 ś Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmň. Premye moun li te fč wč li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sčt move lespri.)
16:10 Mari al pote nouvčl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye.
16:11 Men, yo pa t' vle kwč Mari, lč l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wč l' ak de je mwen.
16:12 Apre sa, Jezi te parčt yon lňt jan ankň devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyň.
16:13 Yo tounen sou chemen yo vin fč lňt yo konn sa. Men, lňt yo pa t' ankň vle kwč toujou.
16:14 ś Pita, Jezi parčt devan tout onz disip yo yon lč yo t'ap manje. Li repwoche yo dčske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fč tčt di toujou, yo pa t' kwč moun ki te wč l' yo apre li te leve soti vivan pami mň yo.
16:15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latč, anonse Bon Nouvčl la bay tout moun.
16:16 Moun ki kwč epi ki resevwa batčm va delivre. Men, moun ki pa kwč va kondannen.
16:17 Moun ki kwč va fč anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lňt lang.
16:18 Yo ta mčt kenbe sčpan, yo ta mčt bwč pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tčt moun malad, moun malad yo va geri.
16:19 ś Apre Seyč Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syčl, li al chita sou bň dwat Bondye.