Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - MARK 2

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    2:1 ś Kčk jou apre sa, Jezi tounen Kapčnawňm. Yo tande li te lakay li.

    2:2 Te sitčlman gen moun ki te sanble, pa t' gen plas ankň, pa menm devan pňt kay la. Jezi menm t'ap anonse yo pawňl la.

    2:3 Se lč sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi.

    2:4 Men, foul la te kwense anpil, kifč moun yo pa t' ka pwoche bň kot Jezi. Lč yo wč sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tčt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a.

    2:5 Jezi wč jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen.

    2:6 Te gen kčk dirčktč lalwa chita la; yo t'ap di nan kč yo:

    2:7 -Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latč ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sčlman.

    2:8 Menm lč a Jezi te gen tan konnen nan fon kč l' sak t'ap pase nan tčt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fč lide konsa nan kč nou?

    2:9 Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache?

    2:10 Enben, m'ap fč nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen gen pouvwa sou latč pou m' padonnen peche. Lč sa a, Jezi di nonm paralize a:

    2:11 -Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.

    2:12 Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fč lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wč bagay konsa.

    2:13 ś Jezi tounen ankň bň lanmč Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay.

    2:14 Antan Jezi t'ap pase konsa, li wč Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.

    2:15 Pita, Jezi t'ap manje lakay Levi. Te gen anpil lňt pčseptč kontribisyon ak moun k'ap fč sa ki mal ki t'ap swiv Jezi. Tout moun sa yo te chita bň tab avč l' ansanm ak disip li yo.

    2:16 Kčk direktč lalwa ki te fč pati bann farizyen yo wč Jezi ap manje ak pčseptč kontribisyon yo ansanm ak moun k'ap fč sa ki mal yo. Yo mande disip li yo: -Poukisa l'ap manje ak pčseptč kontribisyon ansanm ak moun k'ap fč sa ki mal yo?

    2:17 Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lč yon moun an sante, li pa bezwen dňktč. Se moun malad ki bezwen dňktč. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fč sa ki mal yo.

    2:18 ś Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fč jčn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avčk disip farizyen yo fč jčn, epi disip pa ou yo pa fč jčn?

    2:19 Jezi reponn yo: -Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avčk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avčk yo, yo pa kapab rete san manje.

    2:20 Men, lč lč a va rive pou l' pa nan mitan yo ankň, se lč sa a y'a fč jčn.

    2:21 Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nčf. Si ou fč sa, moso nčf la va pati ak yon bň nan vye rad la. Lč sa a, rad la chire pi mal.

    2:22 Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fčt nan vye veso an po. Si ou fč sa, diven an va pete vye veso yo, epi w'ap pčdi ni diven an ni veso yo. Men, diven ki fenk fčt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fčt tou.

    2:23 Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Antan disip li yo t'ap mache konsa avč l', yo pran keyi kčk grap ble.

    2:24 Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fč bagay lalwa nou pa pčmčt moun fč gwo jou repo a?

    2:25 Jezi reponn yo: -Eske nou pa janm li sa David te fč yon lč li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l' yo ki te grangou?

    2:26 Sa te pase sou tan Abyata te granprčt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prčt yo sčlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l' yo manje tou.

    2:27 Jezi di yo ankň: -Jou repo a te fčt pou moun; se pa moun ki te fčt pou jou repo a.

    2:28 Konsa tou, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen se mčt repo a.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar