Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - MARK 5

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    5:1 ś Jezi ak disip li yo rive lňt bň lanmč Galile a, nan peyi Jerazenyen yo.

    5:2 Jezi desann soti nan kannňt la. Menm lč a, yon nonm soti nan mitan tonm mň yo, li vin devan Jezi.

    5:3 Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fč kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avčk chenn.

    5:4 Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fč, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sčp la. Pesonn pa t' gen fňs ase pou donte li.

    5:5 Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mňn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kň l' ak kout wňch.

    5:6 Li te yon bčl distans lč li wč Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li.

    5:7 Li pran rele byen fň, li di l' konsa: -Kisa m' gen avčk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syčl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fč m' soufri.

    5:8 (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lňd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan).

    5:9 Lč sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil.

    5:10 Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyň nan peyi a.

    5:11 Sou ti mňn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.

    5:12 Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo.

    5:13 Jezi bay yo pčmisyon sa a. Lč sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bň falčz la, al neye tčt yo nan lanmč. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.

    5:14 Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvčl la nan lavil la kou andeyň. Moun soti toupatou vin wč sak te rive.

    5:15 Lč yo rive bň kote Jezi te ye a, yo wč nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pč.

    5:16 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lňt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo.

    5:17 Lč sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a.

    5:18 Antan Jezi t'ap moute nan kannňt la, nonm ki te gen move lespri a mande l' pčmisyon pou li ale ave l' tou.

    5:19 Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fč pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.

    5:20 Nonm lan pati, li ale nan tout rejyon yo rele Dis Vil la. Li mache fč konnen tou sa Jezi te fč pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l' pale.

    5:21 ś Jezi tounen lňt bň lanmč a. Li annik desann soti nan kannňt la, yon foul moun gen tan sanble bň kote li. Antan li sou rivaj la,

    5:22 Jayiris, yonn nan chčf sinagňg yo, vin rive. Lč Jayiris wč Jezi, li lage kň l' nan pye li.

    5:23 Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prčt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen.

    5:24 Jezi pati avčk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l' toupatou.

    5:25 Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pčdisyon depi douzan.

    5:26 Li te soufri anpil nan men plizyč dňktč, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrč, maladi a te vin pi rčd sou li.

    5:27 Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kň l' nan foul la pa dčyč Jezi, epi li manyen ke rad li.

    5:28 Fanm lan te di nan kč l': Si m' kapab manyen ke rad li sčlman, m'a geri.

    5:29 Menm lč a san an rete, epi madanm lan santi kň l' gaya.

    5:30 Latou, Jezi santi te gen yon fňs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en?

    5:31 Disip li yo reponn li: -Ou wč jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou?

    5:32 Men Jezi t'ap pwonmennen je l' toupatou pou wč moun ki te fč l' sa a.

    5:33 Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l' t'ap tranble kou yon fčy bwa tank li te pč. Li vin lage kň l' nan pye Jezi. Li di l' tout verite a.

    5:34 Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mčt ale ak kč poze, tande. Ou geri nčt.

    5:35 ś Jezi t'ap pale toujou lč kčk mesaje soti kay chčf sinagňg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mčt la plis pase sa.

    5:36 Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chčf sinagňg la: -Pa pč. Sčlman met konfyans ou nan mwen.

    5:37 Li pran Pyč, Jak ak Jan, frč Jak la, avčk li. Li pa t' pčmčt lňt moun swiv li.

    5:38 Lč yo rive kay chčf sinagňg la, Jezi wč yon bann moun ki t'ap fč gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lňt menm t'ap plede rele.

    5:39 Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rčl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dňmi l'ap dňmi.

    5:40 Yo tonbe pase l' nan betiz. Lč sa a, li fč yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sčlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.

    5:41 Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.

    5:42 Menm lč a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lč yo wč sa.

    5:43 Men, Jezi pase yo lňd sevč pou yo pa t' kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar