15:1 ś Lč sa a, kčk farizyen ak dirčktč lalwa soti Jerizalčm, yo vin bň kot Jezi. Yo di li:
15:2 Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
15:3 Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kňmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?
15:4 Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankň: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'.
15:5 Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye,
15:6 moun sa a pa bezwen fč anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avčk koutim nou yo, nou fč pawňl Bondye a pase pou anyen menm.
15:7 Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lč l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a:
15:8 Se nan bouch pčp sa a respekte mwen. Men, kč yo byen lwen mwen.
15:9 Se tan yo y'ap pčdi, lč y'ap fč sčvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawňl lčzňm y'ap moutre moun.
15:10 ś Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen sa m'ap di nou la a, manyč konprann sa:
15:11 Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sčvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a.
15:12 Lč sa a, disip li yo pwoche bň kote l', yo di l' konsa: Ou konnen farizyen yo ofiske poutčt sa ou sot di la a.
15:13 Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syčl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.
15:14 Pa okipe yo! Se yon bann avčg k'ap mennen avčg parčy yo. Si yon avčg ap mennen yon lňt avčg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.
15:15 Pyč pran lapawňl, li di Jezi konsa: Esplike nou parabňl sa a non.
15:16 Jezi di: Nou menm tou, nou san konprann toujou!
15:17 Nou pa konprann pawňl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li soti deyň.
15:18 Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kč l' sa soti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sčvi Bondye.
15:19 Se nan kč l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fč adiltč ak tout lňt bagay ki pa dakň ak volonte Bondye tankou lide vňlň, lide fč manti sou moun, lide bay manti.
15:20 Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sčvi Bondye. Men, keksyon manje san lave men, jan yo di l' la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sčvi Bondye.
15:21 ś Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan zňn lavil Tir ak lavil Sidon.
15:22 Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zňn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mčt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil.
15:23 Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bň kote l', yo di l' konsa: Fč l' ale non. Paske, l'ap mache dčyč nou, l'ap plede rele nan zňrčy nou.
15:24 Jezi reponn: Se sčlman pou moun ki pčdi nan ras Izrayčl la yo voye mwen.
15:25 Men, fanm lan vini, li lage kň l' nan pye Jezi, li di li konsa: Mčt, fč kichňy pou mwen non.
15:26 Jezi reponn li: Sa pa bon pou m' wete pen nan bouch timoun yo pou m' jete l' bay chen.
15:27 Lč sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mčt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mčt li.
15:28 Lč sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lč a, pitit fi l' la geri.
15:29 ś Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bň lanmč Galile a. Li moute sou yon ti mňn, li chita la.
15:30 Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avčg, bčbč, enfim ansanm ak anpil lňt moun malad ankň. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.
15:31 Foul moun yo te sezi anpil lč yo wč sa: bčbč yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avčg yo wč. Lč sa a, yo pran fč lwanj Bondye pčp Izrayčl la.
15:32 Jezi rele disip li yo, li di: Kč m' fč m' mal pou moun sa yo. Sa fč twa jou depi yo la avč m', yo pa gen anyen pou yo manje ankň. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblčs nan chemen an.
15:33 Disip yo mande li: Nan dezč sa a, ki bň pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?
15:34 Jezi mande yo: Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: Nou gen sčt pen ak kčk ti pwason.
15:35 Lč sa a, Jezi fč foul moun yo chita atč.
15:36 Li pran sčt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mčsi, li kase yo an moso, li renmčt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
15:37 Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sčt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.
15:38 Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.