19:1 ś Lč Jezi fin di pawňl sa yo, li kite peyi Galile a, li ale nan zňn peyi Jide ki lňt bň larivyč Jouden an.
19:2 Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lč l' rive, li geri malad yo.
19:3 ś Kčk farizyen pwoche bň kot Jezi pou yo wč si yo te ka pran l' nan pčlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pčmčt yon nonm kite ak madanm li pou nenpňt ki kňz?
19:4 Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lč Bondye t'ap fč moun, li te fč yo gason ak fi.
19:5 Apre sa li di: Se poutčt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tčt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fč yon sčl kň.
19:6 Konsa, yo pa de ankň, men yo fč yon sčl kň. Se poutčt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.
19:7 Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lňd pou yon nonm ekri yon papye divňs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avč li?
19:8 Jezi reponn yo: Se paske nou gen tčt di kifč Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa.
19:9 Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lč yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lňt, li fč adiltč, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.
19:10 Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.
19:11 Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawňl sa a. Se sčlman moun Bondye bay pouvwa pou sa.
19:12 Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fčt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lňt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lňt ankň ki pa marye poutčt Peyi Wa ki nan syčl la. Si yon moun ka asepte pawňl sa a, se pou l' asepte li.
19:13 ś Lč sa a, yo mennen kčk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tčt yo, pou l' te lapriyč pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fč sa.
19:14 Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syčl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
19:15 Li mete men l' sou tčt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l' te ye a.
19:16 ś Yon nonm pwoche bň kot Jezi, li di l' konsa: Mčt, ki bon bagay mwen dwe fč pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
19:17 Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sčl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fč sa kňmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilčs kňmandman sa yo?
19:18 Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fč adiltč. Piga ou vňlň. Piga ou bay manti.
19:19 Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frč parčy ou tankou ou renmen tčt pa ou.
19:20 Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fč ankň?
19:21 Jezi di li: Si ou vle bon nčt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pňv. Lč sa a, wa gen yon richčs nan syčl la. Apre sa, vin swiv mwen.
19:22 Lč jennonm lan tande pawňl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.
19:23 ś Lč sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nčt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syčl la.
19:24 M'ap di nou sa ankň: L'ap pi fasil pou gwo bčt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syčl la.
19:25 Lč disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
19:26 Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fč sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fč.
19:27 Lč sa a, Pyč di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou?
19:28 Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lč Moun Bondye voye nan lachč a va chita sou fňtčy li ak tout bčl pouvwa li, lč tout bagay va chanje nčt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fňtčy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayčl la.
19:29 Nenpňt moun ki va kite kay li, osinon frč l', osinon sč l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutčt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.