4:1 ś Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezč a pou Satan te ka tante l'.
4:2 Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
4:3 Lč sa a, Satan pwoche bň kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wňch sa yo lňd pou yo tounen pen.
4:4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawňl ki soti nan bouch Bondye tou.
4:5 Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalčm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan.
4:6 Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kň ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lňd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zňtčy pye ou sou okenn wňch.
4:7 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mčt la, Bondye ou.
4:8 Satan mennen Jezi ankň sou yon mňn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latč ansanm ak tout riches yo.
4:9 Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.
4:10 Jezi reponn li: Wete kň ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mčt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sčl pou ou sčvi.
4:11 Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kčk zanj Bondye pwoche bň kote Jezi, yo sčvi l'.
4:12 ś Lč Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kň l', li ale nan peyi Galile.
4:13 Li kite lavil Nazarčt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapčnawňm, ki te toupre lanmč Galile a, sou tč moun Zabilon ak moun Neftali yo.
4:14 Konsa, pawňl pwofčt Ezayi te di a rive vre:
4:15 Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bň lanmč a, peyi ki lňt bň larivyč Jouden an, peyi Galile kote moun lňt nasyon yo ap viv la,
4:16 pčp ki t'ap viv nan fčnwa a wč yon gwo limyč. Limyč a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmň a.
4:17 Depi lč sa a, Jezi kňmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syčl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
4:18 ś Antan Jezi t'ap mache bň lanmč Galile a, li wč de frč: Simon, yo rele Pyč a, ak Andre, frč li. Yo t'ap voye privye nan lanmč a, paske se pechč pwason yo te ye.
4:19 Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fč nou tounen pechč moun pito.
4:20 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avčk li.
4:21 Jezi vanse pi lwen, li wč de lňt frč, Jak avčk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannňt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo.
4:22 Lamenm, yo kite kannňt la ansanm ak papa yo, y' ale avčk li.
4:23 ś Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagňg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvčl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pčp la te ka genyen.
4:24 Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fč yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulč, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.