Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PROVERBS 19

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    19:1 ¶ Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.

    19:2 ¶ Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.

    19:3 ¶ Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.

    19:4 ¶ Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.

    19:5 ¶ Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.

    19:6 ¶ Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.

    19:7 Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!

    19:8 ¶ Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.

    19:9 ¶ Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.

    19:10 ¶ Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.

    19:11 ¶ Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.

    19:12 ¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.

    19:13 ¶ Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.

    19:14 ¶ Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.

    19:15 ¶ Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.

    19:16 ¶ Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri.

    19:17 ¶ Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.

    19:18 ¶ Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.

    19:19 ¶ Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.

    19:20 ¶ Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.

    19:21 ¶ Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.

    19:22 ¶ Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.

    19:23 ¶ Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.

    19:24 ¶ Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.

    19:25 ¶ Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans.

    19:26 ¶ Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.

    19:27 ¶ Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.

    19:28 ¶ Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.

    19:29 ¶ Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar