Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PROVERBS 22

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    22:1 ¶ Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.

    22:2 ¶ Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.

    22:3 ¶ Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

    22:4 ¶ Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.

    22:5 ¶ Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.

    22:6 ¶ Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.

    22:7 ¶ Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.

    22:8 ¶ Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.

    22:9 ¶ Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.

    22:10 ¶ Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.

    22:11 ¶ Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.

    22:12 ¶ Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.

    22:13 ¶ Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.

    22:14 ¶ Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.

    22:15 ¶ Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.

    22:16 ¶ Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.

    22:17 ¶ Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.

    22:18 L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.

    22:19 Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.

    22:20 Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.

    22:21 Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:

    22:22 ¶ Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.

    22:23 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.

    22:24 ¶ Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.

    22:25 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.

    22:26 ¶ Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.

    22:27 Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.

    22:28 ¶ Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.

    22:29 ¶ Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar