116:1 ¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.
116:2 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.
116:3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.
116:4 Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!
116:5 Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.
116:6 Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
116:7 Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.
116:8 Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.
116:9 Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.
116:10 ¶ Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!
116:11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!
116:12 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?
116:13 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.
116:14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.
116:15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!
116:16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.
116:17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
116:18 -(we vèsè pwochen)