147:1 ś Lwanj pou Seyč a! Sa bon nčt pou nou chante pou Seyč a. Sa bon nčt pou nou fč lwanj Seyč a. Wi, li merite l' vre!
147:2 Seyč a ap rebati lavil Jerizalčm. L'ap fč moun Izrayčl ki te gaye nan mitan lňt nasyon yo tounen lakay yo.
147:3 L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.
147:4 Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
147:5 Seyč nou an gen pouvwa. Li gen anpil fňs. Konesans li pa gen limit.
147:6 Seyč a ap bay pňv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atč.
147:7 Chante yon chante pou Seyč a pou nou di l' mčsi. Fč mizik pou Bondye nou an ak gita.
147:8 Se li ki kouvri syčl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tč a. Se li ki fč zčb pouse sou mňn yo.
147:9 Li bay bčt yo manje, li bay ti kňnčy yo manje lč yo rele.
147:10 Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fňs, ni se pa kouraj moun ki fč kč l' kontan.
147:11 Moun ki fč kč l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
147:12 ś Nou menm, moun lavil Jerizalčm, fč lwanj Seyč a! Nou menm, moun mňn Siyon, fč lwanj Bondye nou an!
147:13 Li fč pňt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.
147:14 L'ap veye fwontyč peyi a pou pa gen lagč! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.
147:15 Li pase yon lňd: lňd la kouri byen vit toupatou sou latč.
147:16 Li fč lančj tonbe kouvri latč tankou koton. Li fč lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.
147:17 Li voye lagrčl tankou gravye. Ki moun ki ka sipňte fredi li voye?
147:18 Li pase yon lňd, li fč yo tout fonn. Li fč van soufle, dlo pran koule toupatou.
147:19 Li fč pitit Jakňb yo konnen pawňl li. li fč pčp Izrayčl la konnen lňd li yo ak sa li deside.