Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 3

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    3:1 ¶ (3:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (3:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!

    3:2 (3:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!3 (3:4) Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.

    3:4 ¶ (3:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.

    3:5 (3:6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.

    3:6 (3:7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.

    3:7 (3:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.

    3:8 (3:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar