Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 35

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    35:1 ś Se yon sňm David. Seyč, atake moun ki pa vle wč m' yo, goumen ak moun k'ap fč m' lagč yo.

    35:2 Pran zam ou sčvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.

    35:3 Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fč m' konnen se ou menm k'ap delivre m'.

    35:4 Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fč konplo sou mwen yo rale kň yo dčyč. Se pou yo pa ka leve tčt yo.

    35:5 Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lč zanj Bondye a ap kouri dčyč yo.

    35:6 Se pou fčnwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lč zanj Bondye a ap talonnen yo.

    35:7 San m' pa fč yo anyen, y'ap tann pčlen pou mwen. San m' pa fč yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.

    35:8 Men, y'ap rete konsa, malč ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pčlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a.

    35:9 Se konsa Seyč a pral fč kč m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.

    35:10 M'a di ak tout kč mwen: -Seyč, pa gen tankou ou! Ou delivre fčb yo anba moun ki gen fňs pase yo. Ou delivre pňv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.

    35:11 ś Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fč yon pakčt bagay mwen pa janm konnen mwen fč.

    35:12 Moun mwen fč byen se yo k'ap fč m' mal. Mwen fin dekouraje.

    35:13 Lč yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tčt mwen pou mwen lapriyč pou yo,

    35:14 menm jan mwen ta lapriyč pou yon zanmi osinon pou yon frč. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kč m', tankou yon moun ki pčdi manman l'.

    35:15 Men, lč mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tčt yo ansanm. Y'ap fč pil dčyč do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.

    35:16 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.

    35:17 ś Seyč, pou konbe tan ankň w'a penmčt sa? Pwoteje m' non anba bčt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.

    35:18 M'a di ou mčsi nan mitan tout moun lč yo reyini, m'a fč lwanj ou devan yon gwo foul moun.

    35:19 Pa kite lčnmi m' yo, bann mantň sa yo, fč fčt sou tčt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fč yo anyen an fč siy sou mwen.

    35:20 Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fč sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.

    35:21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wč ou!

    35:22 Men ou menm, Seyč, ou wč tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyč! Pa rete lwen m' konsa.

    35:23 Leve non, Seyč, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kňz mwen!

    35:24 Ou pa nan patipri, Seyč. Fč m' jistis. Pa kite lčnmi m' yo fč fčt sou tčt mwen.

    35:25 Pa kite yo di nan kč yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avč l'!

    35:26 Tout moun ki kontan wč jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fč. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pčdi fil, se pou yo kouri al kache!

    35:27 Se pou moun ki kontan wč jan m' inonsan an pran rele byen fň san rete. Se pou yo di: -Seyč a gen gwo pouvwa! Li vle pou sčvitč li viv ak kč poze.

    35:28 Lč sa a, m'a fč konnen jistis ou, m'a fč lwanj ou tout lajounen.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar