Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 38

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    38:1 ś (38:1) Se yon sňm David. Pou Bondye pa bliye nou. (38:2) Seyč, pa pini m' lč ou fache! Pa kale m' lč ou an kňlč!

    38:2 (38:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.

    38:3 (38:4) Ou te fache anpil, se sa ki fč pa gen yon pati nan kň m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fč tout zo nan kň m' ap fč m' mal.

    38:4 (38:5) Peche m' yo fč pil, yo kouvri tčt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twň lou pou mwen.

    38:5 (38:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.

    38:6 (38:7) Mwen kagou, ren m' kase nčt. Tout lajounen m'ap mache tčt bese, dlo nan je.

    38:7 (38:8) Mwen gen yon lafyčb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kň m'

    38:8 (38:9) Mwen san fňs, tout zo nan kň m' kraze. Kč m' sere, m'ap plenn sitčlman m'ap soufri.

    38:9 (38:10) Seyč, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wč jan m'ap soufri.

    38:10 (38:11) Kč m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipňte ankň! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!

    38:11 (38:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutčt malenng mwen an.

    38:12 ś (38:13) Moun ki ta renmen wč m' mouri yo tann pčlen pou mwen. Moun ki ta renmen wč malč rive m' yo ap plede di yon bann move pawňl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fč konplo sou mwen.

    38:13 (38:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudč, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bčbč, mwen pa pale.

    38:14 (38:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.

    38:15 (38:16) Seyč, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyč, Bondye mwen.

    38:16 (38:17) Paske, mwen di nan kč m': -Pa kite yo fč fčt sou tčt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.

    38:17 (38:18) Mwen prčt pou m' tonbe. Doulč a pi rčd sou mwen.

    38:18 (38:19) Mwen rekončt mechanste mwen fč. Kč m' sere lč m' wč sa m' fč.

    38:19 (38:20) Lčnmi m' yo gwončg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wč m'.

    38:20 (38:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fč byen.

    38:21 (38:22) Pa lage m' Seyč! Bondye mwen, pa rale kň ou dčyč!

    38:22 (38:23) Prese vin pote m' sekou, Seyč, ou menm ki delivrans mwen.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar