Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 47

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    47:1 ¶ (47:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (47:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!

    47:2 (47:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.

    47:3 (47:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.

    47:4 (47:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.

    47:5 ¶ (47:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.

    47:6 (47:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!

    47:7 (47:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!

    47:8 (47:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.

    47:9 (47:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar