Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 80

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    80:1 ś (80:1) Pou chčf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lč ak chante ki di: Bčl ti flč savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akňd. Se yon sňm Asaf. (80:2) Ou menm ki gadň pčp Izrayčl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozčf yo tankou bann mouton ou, panche zňrčy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotčy ou anwo zanj cheriben yo, parčt nan mitan gwo limyč ou la.

    80:2 (80:3) Fč pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wč jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.

    80:3 (80:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankň! Fč nou santi ou la avčk nou, epi n'a delivre.

    80:4 (80:5) Seyč, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilč w'a rete fache sou pčp ou k'ap lapriyč nan pye ou?

    80:5 (80:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sčvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwč.

    80:6 (80:7) Ou kite nasyon ki bň kote nou yo ap goumen yonn ak lňt poutčt nou. Ou kite lčnmi nou yo ap pase nou nan rizib.

    80:7 (80:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankň. Fč nou santi ou la avčk nou, epi n'a delivre.

    80:8 ś (80:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyň, ou plante l' nan plas yo.

    80:9 (80:10) Ou pare yon moso tč kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.

    80:10 (80:11) Lonbraj li te kouvri tout mňn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sčd yo.

    80:11 (80:12) Branch li yo rive jouk bň lanmč Mediterane, jouk bň larivyč Lefrat.

    80:12 (80:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atč konsa, kifč koulye a nenpňt moun k'ap pase vin vňlč rezen li yo?

    80:13 (80:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bčt nan bwa ap manje tout fčy li yo.

    80:14 (80:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syčl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!

    80:15 (80:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fč tounen yon gwo pyebwa a.

    80:16 (80:17) Lčnmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fč kňlč! Annik gade yo, y'a peri!

    80:17 (80:18) Pwoteje peyi ou te fč tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pčp ou te chwazi a!

    80:18 (80:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankň! Ban nou lavi ankň! N'a fč lwanj ou!

    80:19 (80:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankň! Fč nou santi ou la avčk nou, epi n'a delivre!

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar