92:1 ś (92:1) Sňm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (92:2) Sa bon nčt pou nou di Seyč a mčsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syčl la.
92:2 (92:3) Sa bon nčt pou chak maten nou fč konnen jan ou gen kč sansib, pou chak swa nou fč konnen jan ou toujou kenbe pawňl ou.
92:3 (92:4) Avčk mizik yo jwe sou enstriman akňd yo, avčk mizik yo jwe sou gita, sa bon nčt pou nou fč lwanj ou.
92:4 (92:5) Paske, Seyč, ou fč kč m' kontan ak bčl mčvčy ou yo, m'ap fč fčt lč m' wč tou sa w'ap fč.
92:5 (92:6) Ala bčl bagay ou fč yo bčl! Seyč, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tčt ou!
92:6 (92:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
92:7 ś (92:8) Mechan yo ap grandi tankou zčb, moun k'ap fč mal yo ap wč zafč yo mache byen, men yon lč yo tout gen pou disparčt nčt.
92:8 (92:9) Men ou menm, Seyč, ou se Bondye nan syčl la. Ou la pou tout tan.
92:9 (92:10) Paske, Seyč, lčnmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fč mal yo.
92:10 (92:11) Ou fč m' gen menm fňs ak towo bčf mawon yo. Ou fč kč m' kontan.
92:11 (92:12) Mwen wč ak je m' jan lčnmi m' yo pčdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wč m' yo ap rele.
92:12 (92:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sčd nan peyi Liban.
92:13 (92:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyč a, y'ap pouse bčl branch nan tanp Bondye nou an.
92:14 (92:15) Yo te mčt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou včt, y'ap toujou gen fňs.