99:1 ś Se Seyč a ki wa! Pčp yo ap tranble. Li chita sou fotčy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latč ap tranble!
99:2 Seyč a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvčnen sou tout pčp yo.
99:3 Se pou tout moun fč lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respč! Se Bondye tout bon li ye!
99:4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayčl. Ou fč yo fč jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fčt.
99:5 Lwanj pou Seyč a, Bondye nou an! Bese tčt nou devan fotčy li. Sč Bondye tout bon li ye!
99:6 ś Moyiz ak Arawon te fč pati prčt li yo! Samyčl te yonn nan moun ki te sčvi l' yo! Tout twa te rele Seyč a, li te reponn yo.
99:7 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lňd ak kňmandman li te ba yo.
99:8 Seyč, Bondye nou, ou te reponn yo lč yo te lapriyč ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fč ki mal.