14:1 ś Apre sa mwen gade, mwen wč ti Mouton an kanpe sou mňn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avčk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo.
14:2 Mwen tande yon vwa ki soti nan sičl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankň yon gwo kout loraj. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lč anpil moun ap jwe gita.
14:3 Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fňtčy la, devan kat bčt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nčf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latč.
14:4 Moun sa yo, se moun ki pa t' fč sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Y'ap mache dčyč ti Mouton an kote l' pase. Nan tout moun ki sou latč a se yo ki te delivre. Yo se premie moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an.
14:5 Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwňch.
14:6 ś Lč sa a, mwen wč yon lňt zanj ki t'ap vole byen wo nan sičl la. Li te gen yon bon nouvčl pou l' te bay tout moun ki rete sou latč, bon nouvčl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.
14:7 Li t'ap pale byen fň, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fč lwanj li! Paske lč a rive, l'ap vin jije lčzňm. Adore moun ki fč sičl la, tč a, lanmč a ak tout sous dlo yo.
14:8 Yon dezyčm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilňn lan tonbe! Li te fč moun tout nasyon yo bwč nan diven l' lan ki fň anpil, li fč yo bwč diven gwo imoralite li a.
14:9 Yon twazičm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fň, li t'ap di: Moun ki adore bčt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bčt la sou fwon yo osinon sou men yo,
14:10 moun sa yo va bwč diven Bondye a tou, diven kňlč Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kňlč li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an.
14:11 Lafimen dife k'ap fč yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bčt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.
14:12 Se poutčt sa, se pou pčp Bondye a, moun k'ap obeyi kňmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fčm nan Jezi a gen anpil pasians.
14:13 ś Apre sa mwen tande yon vwa nan sičl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sčvis Seyč a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kň yo apre yo fin travay di. Travay yo fč a pral mache ak yo.
14:14 Apre sa, mwen gade ankň, mwen wč yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwňn lň sou tčt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
14:15 Yon lňt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tčt nwaj la. Li di l' byen fň: Pran kouto digo ou la, sčvi avč l' pou ranmase rekňt la. Paske, sezon rekňt la rive. Latč pare pou rekňt la.
14:16 Lč sa a, moun ki te chita anwo nwaj la pase kouto digo l' la sou latč. Menm lč a, tout rekňt la fčt sou latč.
14:17 Yon lňt zanj soti nan tanp ki nan sičl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l'.
14:18 Yon lňt zanj ankň soti bň lotčl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fň: Pran kouto digo ou la, sčvi avč l' pou koupe tout grap rezen ki sou tč a, paske rezen yo mi.
14:19 Lč sa a, zanj lan pase kouto digo l' la sou latč, li koupe tout grap rezen ki sou latč a, li jete yo nan moulen rezen an kote kňlč Bondye a ap kraze yo.