6:1 ś Apre sa mwen wč ti Mouton an kase yonn nan sčt sele yo. Lč sa a, mwen tande yonn nan kat bčt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non!
6:2 Mwen gade, mwen wč yon chwal blan. Moun ki te moute l' la te kenbe yon banza nan men l'. Yo ba l' yon kouwňn met sou tčt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki soti pou l' genyen ankň.
6:3 ś Apre sa, ti Mouton an kase dezyčm sele a. Mwen tande dezyčm bčt vivan an ki t'ap di: Vini non!
6:4 Lč sa a, yon lňt chwal koulč wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagč toupatou sou latč, pou lčzňm ka yonn touye lňt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li.
6:5 Apre sa, ti Mouton an kase twazičm sele a. Mwen tande twazičm bčt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wč yon chwal nwa. Moun ki te moute l' la te kenbe yon balans nan men li.
6:6 Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bčt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.
6:7 Apre sa, ti Mouton an kase katriyčm sele a. Mwen tande katriyčm bčt vivan an ki t'ap di: Vini non!
6:8 Mwen gade, mwen wč yon chwal koulč včt. Moun ki te moute l' la te rele lanmň. Moun ki kanpe pou kote mň yo ye a t'ap mache dčyč li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (1/4) latč a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bčt nan bwa ki sou latč.
6:9 ś Apre sa, ti Mouton an kase senkičm sele a. Lč sa a, mwen wč anba lotčl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fč konnen Pawňl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a.
6:10 Yo t'ap rele byen fň: O Mčt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankň anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latč a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?
6:11 Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankň, jouk kantite frč ak kanmarad sčvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.
6:12 Apre sa, mwen wč ti Mouton an kase sizičm sele a. Lč sa a, yon gwo tranblemanntč fčt, sňlčy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwčs. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san.
6:13 Zetwal yo menm t'ap sot nan sičl la tonbe sou latč, tankou fig frans tou včt k'ap tonbe lč gwo van ap souke pie fig la.
6:14 Sičl la disparčt nčt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mňn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lňt kote.
6:15 Tout wa sou latč, chčf, kňmandan, moun rich, grannčg ansanm ak tout lňt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wňch ak dčyč gwo wňch nan mňn yo.
6:16 Yo t'ap pale ak mňn yo ansanm ak wňch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fňtčy la pa wč nou, pou kňlč ti Mouton an pa tonbe sou nou.