Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - ROMANS 9

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    9:1 ś Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti.

    9:2 Kč m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan.

    9:3 Mwen ta pito wč m' tonbe anba madichon Bondye, mwen ta pito pčdi renmen Kris la gen pou mwen an si sa te ka sčvi pou byen frč m' yo, moun menm ras avč mwen yo.

    9:4 Yo se pitit pitit Izrayčl; Bondye te chwazi yo pou pwňp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fč tout bčl mčvčy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sčvi l'; se yo ki te resevwa pwomčs li yo.

    9:5 Yo se pitit pitit zansčt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lč l' te fčt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amčn.

    9:6 ś Lč m' di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomčs li ankň. Se pa tout pitit pitit Izrayčl yo ki fč pati pčp Bondye a.

    9:7 Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fč pitit pitit mwen te pwomčt ou yo.

    9:8 Sa vle di: tout pitit ki fčt dapre egzijans natirčl kň a pa pitit Bondye. Se sčlman pitit ki fčt dapre pwomčs Bondye a ki bon pitit pitit li.

    9:9 Men ki jan Bondye te fč pwomčs la: Lč konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lč sa a Sara va gen tan gen yon pitit gason.

    9:10 Gen lňt pawňl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fč de pitit gason pou yon sčl papa, Izarak granpapa nou.

    9:11 -(we včsč pwochen)

    9:12 Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fč anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fč nou wč se konsa li toujou fč, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fčt, anvan menm yo te fč anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sčvi pi piti a.

    9:13 Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakňb, mwen rayi Ezaou.

    9:14 ś Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lč ap fč lenjistis? Men non.

    9:15 Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kč m' pou moun mwen vle.

    9:16 Se sak fč, bagay konsa pa gade lčzňm, ou mčt tande yo vle, ou mčt tande yo fč. Se bagay ki gade Bondye sčlman, li menm ki gen kč sansib.

    9:17 Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fč ou wa tout espre, pou lč moun wč ou, yo ka wč pouvwa mwen, pou moun ka mache fč konnen non mwen toupatou sou latč.

    9:18 Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fč moun li vle kenbe tčt ak li.

    9:19 Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tčt ak Bondye?

    9:20 Monchč, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: čske krich la ka pale ak moun ki fč l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fč m'?

    9:21 Moun k'ap bat tč pou fč krich la gen dwa fč sa l' vle ak tč a. Avčk menm pa t' labou a, li ka fč de kalite krich: yon bčl krich byen chč ak yon krich bon mache.

    9:22 Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankň. Li vle fč nou wč kňlč li, an menm tan li vle fč nou konnen pouvwa li. Se poutčt sa, avčk anpil pasyans li sipňte tout moun ki te merite kňlč li epi ki te tou bon pou mouri.

    9:23 Li te vle fč nou wč tou kantite bčl bagay li sere pou moun lč li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bčl bagay li yo.

    9:24 Lč m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sčlman nan jwif yo, men nan moun lňt nasyon yo tou.

    9:25 ś Se sa menm li di nan liv pwofčt Oze a: Moun ki pa t' pčp mwen an, se yo menm m'a rele pčp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen.

    9:26 Tout kote yo t'ap di se pa pčp mwen yo ye. se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an.

    9:27 Kanta pou moun pčp Izrayčl yo, Ezayi, bň pa l' menm, di konsa: Menm si moun pčp Izrayčl yo ta anpil tankou grenn sab bň lanmč, se yon ti ponyen sčlman nan yo k'ap sove.

    9:28 Paske, Mčt la gen pou l' fč tou sa l' te di a nčt, epi byen vit ankň, sou tout latč.

    9:29 Tankou menm pwofčt Ezayi sa a te di anvan: Si Mčt ki gen tout pouvwa a pa t' kite kčk pitit pitit pou nou, nou ta pase tankou Sodňm, nou ta menm jan ak Gomň.

    9:30 ś Kisa n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pa t' jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fč yo gras la, se yo menm Bondye fč gras paske yo mete konfyans yo nan li.

    9:31 Men, moun pčp Izrayčl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fč Bondye fč yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a.

    9:32 Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fč yo gras ak zčv yo t'ap fč yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wňch k'ap fč moun bite a,

    9:33 jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wňch nan mitan peyi Siyon, yon wňch k'ap fč moun bite wi, yon gwo wňch k'ap fč moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar