Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1CHRONICLES 22

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    22:1 ś Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyč a ye, ansanm ak lotčl pou boule bčt yo ofri bay Bondye pou pčp Izrayčl la.

    22:2 David bay lňd pou tout moun lňt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayčl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wňch pou bati Tanp Bondye a.

    22:3 Li fč pare fč an kantite pou fč klou ak kranpon pou batan pňt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fč pare.

    22:4 Pou bwa sčd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fč David jwenn sa an kantite.

    22:5 David t'ap di nan kč l': Salomon, pitit gason m' lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l' bati pou Seyč a, se li ki pou pi gwo, pi bčl pase dčnye tanp, pou toupatou sou latč y'ap pale sou li. Se pou m' pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa.

    22:6 ś Lčfini, li voye chache Salomon, pitit gason l' lan, li ba li lňd pou li bati Tanp Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la.

    22:7 Li di l' konsa: -Pitit mwen, mwen te fč lide bati yon tanp pou Seyč a, Bondye mwen an.

    22:8 Men Seyč a fč m' konnen mwen touye twňp moun, mwen fč anpil lagč. Se poutčt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fč twňp san koule.

    22:9 Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fč tout lčnmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutčt sa y'a rele l' Salomon. Sou rčy li, peyi Izrayčl la ap viv ak ke poze, san danje ni malč.

    22:10 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fč l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvčnen pčp Izrayčl la.

    22:11 Koulye a, pitit mwen, se pou Seyč a, Bondye w'ap sčvi a, toujou kanpe la avč ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomčt ou sa.

    22:12 Mwen mande Seyč a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lč l'a mete ou chčf nan peyi Izrayčl la, ou ka toujou fč tou sa ki nan Lalwa Seyč a, Bondye ou la.

    22:13 Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kň ou pou ou mennen bak ou dapre lňd ak regleman Seyč a te bay Moyiz pou pčp Izrayčl la. Mete gason sou ou, kenbe fčm! Pa kite anyen fč ou pč.

    22:14 Gade! Mwen bay kň m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyč a: twamil twasan (3.300) tňn lň, tranntwamil (33.000) tňn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fč moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wňch tou. Men, se pou ou fč pare toujou.

    22:15 Lčfini, w'ap jwenn anpil travayč, kantonye, moun pou taye wňch, chapant, ak anpil moun ki bňs nan tout kalite travay.

    22:16 Pou lň, ajan, kwiv ak fč, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyč a toujou kanpe la avč ou.

    22:17 ś Apre sa, David mande tout chčf pčp Izrayčl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan.

    22:18 Li di yo konsa: -Seyč a, Bondye nou an, te toujou la avčk nou. Li fč nou viv nan lapč ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lňt moun ki rete nan peyi a, kifč tout peyi a soumčt nčt devan Seyč a ak devan pčp li a.

    22:19 Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fč volonte Seyč a, Bondye nou an, ak tout kč nou, ak tout nanm nou. Pare kň nou pou nou bati tanp Seyč a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyč a ak tout lňt bagay yo mete apa pou fč sčvis Seyč a ladan l'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar