23:1 ś David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lč li mete Salomon, pitit li a, wa sou pčp Izrayčl la.
23:2 Li reyini tout chčf pčp Izrayčl yo, tout prčt yo ak tout moun Levi yo.
23:3 Li fč konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (38.000) gason.
23:4 David mete vennkatmil (24.000) pou dirije travay tanp lan, simil (6000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,
23:5 katmil (4000) pou fč pňs nan pňtay la ak katmil (4000) pou fč lwanj Seyč a ak enstriman mizik David te fč fč pou sa.
23:6 David separe moun Levi yo fč twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gčchon, Keyat ak Merari.
23:7 Gčchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimčyi.
23:8 Layedan te fč twa pitit gason: Yekiyčl, pi gran an, Zetam ak Jočl.
23:9 Chimeyi te fč twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyčl ak Aran. Se yo ki te chčf fanmi moun Layedan yo.
23:10 Chimeyi te gen kat lňt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya.
23:11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyčm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sčl branch fanmi.
23:12 Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyčl.
23:13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyčs ki apa nčt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyč a, pou yo sčvi l', pou yo beni pčp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.
23:14 Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fč pati branch fanmi Levi a tou.
23:15 Moyiz te gen de pitit gason: Gčchňm ak Elyezč.
23:16 Premye pitit Gčchňm lan te rele Chebwčl.
23:17 Elyezč li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fč lňt pitit gason ankň. Men Rekabya te fč anpil pitit.
23:18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.
23:19 Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyčm lan Amarya, twazyčm lan Jakazyčl, katriyčm lan Jekameam.
23:20 Men pitit Ouzyčl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyčm lan.
23:21 Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.
23:22 Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.
23:23 Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edč ak Jerimňt.
23:24 ś Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chčf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sčvis kay Seyč a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
23:25 David te di: -Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, te fč pčp li a viv ak kč poze. Li menm, Seyč a, l'ap toujou rete lavil Jerizalčm.
23:26 Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyč a ankň ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fč sčvis pou li ankň.
23:27 Se konsa, dapre dčnye pawňl sa yo David te di lč sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
23:28 Travay yo se ede prčt yo, pitit Arawon yo, nan sčvis y'ap fč nan Tanp Seyč a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyčs nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fč sčvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lňt sčvis nan Tanp lan.
23:29 Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sčvi pou fč ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.
23:30 Lčfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswč, pou di Bondye mčsi, pou fč lwanj pou li.
23:31 Se pou yo la tou lč y'ap fč ofrann pou yo boule nčt pou Seyč a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lňt jou fčt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fč ak kantite moun ki pou fč chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sčvi Seyč a.