Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1CORINTHIANS 14

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    14:1 ś Chache gen renmen nan kč nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fč konnen mesaj ki soti nan Bondye yo.

    14:2 Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avčk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun.

    14:3 Okontrč, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fč yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo.

    14:4 Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fňs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fňs.

    14:5 Mwen dakň pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wč n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fč plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lňt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lč sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.

    14:6 ś M'ap mande nou kichňy, frč m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fč pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sčvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichňy, se sa k'ap sčvi nou.

    14:7 Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fč konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klč?

    14:8 Si moun k'ap kňnen klewon an pa fč son yo soti klč, ki sňlda ki pral pare kň l' pou li al goumen?

    14:9 Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesaj w'ap bay an langaj la pa klč? Se pou van w'ap pale!

    14:10 Moun pale divčs kalite lang sou latč, men pa gen yonn ki pa gen sans.

    14:11 Men, si m' pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avč m' lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li.

    14:12 Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki soti nan Lespri Bondye a. Dakň. Men, anvan tout bagay, sa pou n' chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans.

    14:13 Se sak fč, lč yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo.

    14:14 Lč m'ap lapriyč nan langaj, se bonnanj mwen k'ap lapriyč, men lespri mwen pa travay.

    14:15 ś Kisa m' pral fč koulye a? Mwen pral lapriyč avčk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyč avčk lespri mwen tou. Mwen pral chante avčk bonnanj mwen, men mwen pral chante avčk lespri mwen tou.

    14:16 Konsa tou, si w'ap di Bondye mčsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn "amčn" lč ou fin fč lapriyč a, si li pa konprann sa w'ap di a?

    14:17 Mwen dakň avčk nou, nou te ka fč yon bčl lapriyč pou di Bondye mčsi, men konfyans lňt moun yo pa pwofite.

    14:18 Mwen di Bondye mčsi dčske mwen pale langaj pase nou tout.

    14:19 Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lňt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakčt mo nan langaj.

    14:20 Frč m' yo, pa aji tankou timoun lč n'ap fč lespri nou travay. Nou mčt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lč n'ap fč lespri nou travay.

    14:21 ś Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avčk pčp la nan bouch moun lňt peyi, nan bouch moun ki pale lňt lang. Men malgre sa, pčp mwen an p'ap koute mwen.

    14:22 Se Bondye menm ki di sa. Se sak fč, lč yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrč, lč yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la.

    14:23 Lč tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyň osinon yon moun ki pa kwč vin antre kote nou ye a, čske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye?

    14:24 Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lč sa a yon moun ki pa kwč, osinon yon moun deyň, si l' vin rive, sa la tande a va fč l' wč aklč se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li.

    14:25 Tout lide li te gen kache nan kč l' ap parčt deyň. Lč sa a, la bese tčt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.

    14:26 ś Pou fini, kisa m' vle di menm, frč m' yo? Lč nou sanble pou sčvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lňt va gen kichňy pou l' moutre nou, yon lňt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lňt ankň va gen yon mesaj an langaj, yon lňt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fčt ede legliz la grandi nan lafwa.

    14:27 Si gen moun k'ap pale langaj, fňk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lňt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a.

    14:28 Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kč yo ak Bondye.

    14:29 Pou moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawňl. Tout lňt yo va jije sa y'ap di a.

    14:30 Men, si yon moun nan asanble a resevwa yon revelasyon nan men Bondye, se pou moun k'ap pale a pe bouch li.

    14:31 Nou tout kapab bay mesaj ki soti nan Bondye, yonn apre lňt. Konsa, tout moun va aprann kichňy, tout moun va ankouraje.

    14:32 Moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an.

    14:33 Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fč dezňd, men li rele nou pou nou viv ak kč poze. Tankou sa fčt nan tout legliz pčp Bondye a,

    14:34 ś fanm pa fčt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumčt yo.

    14:35 Si yo bezwen mande kichňy, y'a mande mari yo lč yo lakay yo. Non. Sa pa fčt pou fanm yo pale nan asanble a.

    14:36 ś Eske se lakay nou pawňl Bondye a soti? Osinon, čske se nou menm ase ki te resevwa li?

    14:37 Si yon moun kwč se Bondye ki voye l', osinon si li kwč li resevwa kčk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekončt sa m' ekri a se yon lňd ki soti nan Seyč a.

    14:38 Men, si li pa rekončt sa, nou pa bezwen okipe l' ankň.

    14:39 Konsa, frč m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj.

    14:40 Men, tout bagay fčt pou fčt avčk respč, avčk disiplen.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar