Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1CORINTHIANS 15

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    15:1 ś Frč m' yo, mwen vle fč nou chonje bon nouvčl mwen te anonse nou an, bon nouvčl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fčm.

    15:2 Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

    15:3 Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.

    15:4 Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.

    15:5 Li te fč Pyč wč li. Lčfini li te fč douz apňt yo wč l' tou.

    15:6 Apre sa, li te fč pou pi piti senksan (500) frč wč l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifň ladan yo ap viv jouk koulye a toujou.

    15:7 Yon lňt fwa li te parčt ankň, li te fč Jak wč li. Apre sa, li te fč tout lňt apňt yo wč l' ankň.

    15:8 Apre tout moun sa yo, li te fč m' wč l' tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fčt anvan tčm.

    15:9 Se mwen menm ki pi piti nan apňt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apňt, pou jan m' te pčsekite legliz Bondye a.

    15:10 Se favč Bondye fč m' lan ki fč m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favč l' lč li te fč sa pou mwen. Okontrč, mwen travay pase tout lňt apňt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fč travay sa yo, se favč Bondye fč m' lan ki fč sa konsa.

    15:11 Se sak fč, kit se mwen, kit se lňt apňt yo, sa m' sot di a, se sa nou tout n'ap fč moun konnen, se pa nan lňt bagay nou te kwč.

    15:12 ś Men sa n'ap fč nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmň. Bon. Kouman fč gen lňt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankň?

    15:13 Si moun mouri yo p'ap leve ankň, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmň.

    15:14 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmň, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m' anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwč.

    15:15 Sa ki pi rčd ankň, yo ta mčt di n'ap fč manti sou Bondye lč nou di Bondye te fč Kris la leve soti vivan nan lanmň. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve.

    15:16 Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmň.

    15:17 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmň, sa nou te kwč a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo.

    15:18 Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwč nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pčdi nčt tou.

    15:19 Si espwa nou gen nan Kris la se sčlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latč.

    15:20 ś Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrč. Kris la te leve soti vivan nan lanmň. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankň.

    15:21 Paske menm jan se yon sčl moun ki fč lanmň antre sou latč, menm jan an tou se yon sčl moun ki fč moun ki mouri yo kapab leve vivan ankň.

    15:22 Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fč yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fč yonn ak Kris la ap gen lavi ankň.

    15:23 Men, chak moun va leve soti nan lanmň nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lč Kris la va tounen ankň.

    15:24 Apre sa, se va lafen. Lč sa a, Kris la menm pral kraze tout chčf, tout otorite ak tout pouvwa. Lč l' fini, l'ap renmčt gouvčnman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.

    15:25 Paske Kris la gen pou l' gouvčnen tankou yon wa jouk lč Bondye va fin genyen batay la nčt sou tout lčnmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li.

    15:26 Nan tout lčnmi l' yo, se lanmň k'ap kraze an dčnye.

    15:27 Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lč yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lňd Kris la.

    15:28 Apre tout bagay va vin sou lňd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumčt tčt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nčt sou tout bagay.

    15:29 Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batčm pou moun ki mouri deja yo: Dčyč kisa yo te ye menm lč yo te fč sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batčm pou moun ki mouri deja yo?

    15:30 Epi mwen menm atň, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?

    15:31 Frč m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fč mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyč nou an.

    15:32 Si se te pou rezon lčzňm mete nan tčt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bčt fewňs isit nan lavil Efčz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankň, ann fč tankou pwovčb la di: Ann manje, ann bwč, paske denmen n'ap mouri.

    15:33 Piga nou twonpe tčt nou: move zanmi gate bon levasyon.

    15:34 Reprann bon sans nou. Sispann fč peche. M'ap di nou sa pou m' fč nou manyč wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

    15:35 ś Men, yon moun va mande m': Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmň? Ki kalite kň yo va genyen?

    15:36 Ou pa konprann anyen, monchč! Lč ou simen yon grenn nan tč, li pa ka leve si l' pa mouri anvan.

    15:37 Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lňt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.

    15:38 Bondye fč chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fňm ki ale ak yo.

    15:39 Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bčt kat pa t' gen yon lňt kalite vyann, zwazo gen yon lňt kalite vyann, pwason yo gen yon lňt kalite vyann ankň.

    15:40 Konsa tou, gen kň ki fčt pou syčl la, gen kň ki fčt pou tč a. Men, yo chak bčl nan jan pa yo: Kň ki fčt pou syčl la gen yon bčlte ki pa menm ak bčlte kň ki fčt pou tč a.

    15:41 Limyč solčy la gen bčlte pa l', lalin lan gen bčlte pa l', zetwal yo gen bčlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bčlte pa yo.

    15:42 Se menm jan an sa pral ye lč moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmň. Lč yo te antere kň a, se te yon kň ki te kapab pouri. Men, lč kň a va leve soti vivan nan lanmň, l'ap yon kň ki p'ap kapab pouri.

    15:43 Lč yo te antere l', li te yon kň tou lčd, tou fčb. Men, lč li va leve vivan ankň, l'ap bčl, l'ap gen fňs.

    15:44 Lč yo te antere l', li te yon kň ki fčt ak labou. Men, lč la leve vivan, l'ap tounen yon kň ki sňti nan Lespri. Si gen yon kň ki fčt ak labou, fňk gen yon kň ki soti nan Lespri tou.

    15:45 Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kň ki gen lavi. Men, dčnye Adan an, se yon lespri ki bay lavi.

    15:46 Se pa kň ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kň ki fčt ak labou a ki te la anvan, kň ki soti nan Lespri a vin apre.

    15:47 Premye Adan an, Bondye te fč l' ak pousyč tč. Men, dezyčm Adan an, li menm se nan syčl li soti.

    15:48 Tout moun ki pou latč, yo sanble ak moun ki te fčt ak tč a. Tout moun ki pou syčl la, yo sanble ak moun ki soti nan syčl la.

    15:49 Menm jan nou te sanble ak moun ki te fčt ak tč a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syčl la.

    15:50 Men sa mwen vle di, frč m' yo: Tou sa ki fčt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fčt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.

    15:51 ś M'ap devwale nou yon sekrč: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fňm nan yon ti kadč,

    15:52 anvan nou bat je nou, lč dčnye kout klewon an va kňnen. Paske, lč klewon an va kňnen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankň. Apre sa, nou tout nou va chanje fňm.

    15:53 Paske, moun ki gen kň ki fčt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lňt kň ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kň k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lňt kň ki p'ap janm mouri.

    15:54 Lč moun ki gen kň ki fčt pou pouri a va resevwa kň ki p'ap ka pouri ankň a, lč moun ki gen kň k'ap mouri a va resevwa kň ki pa ka mouri a, lč sa a, pawňl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmň ankň, nou genyen batay la nčt.

    15:55 Lanmň! Kote batay ou genyen an? Lanmň! Kote pouvwa ou te gen pou fč nou lapenn lan?

    15:56 Se peche ki bay lanmň pouvwa pou fč nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fňs li.

    15:57 Men, ann di Bondye mčsi, li menm ki fč nou genyen batay la sou lanmň gremesi Jezikri, Seyč nou an!

    15:58 ś Konsa, frč m' yo, kenbe fčm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyč a, paske nou konnen travay n'ap fč pandan n'ap viv ansanm ak Seyč a p'ap janm pčdi.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar