16:1 ś Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pčp Bondye ki lavil Jerizalčm lan, se pou nou fč tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fč.
16:2 Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fč. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lč m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.
16:3 Lč m' ava rive, n'a chwazi kčk moun pou m' voye pote kado nou fč a ale lavil Jerizalčm ak yon lčt rekňmandasyon.
16:4 Si sa merite pou m' ale tou, y'a fč vwayaj la ansanm avč mwen.
16:5 ś M'a vin lakay nou lč m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fňk mwen pase la anvan.
16:6 Mwen ka rete pase kčk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avč nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a.
16:7 Fwa sa a, mwen pa vle wč nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kčk tan ak nou, si Bondye vle.
16:8 Men, mwen fč lide rete isit nan lavil Efčz jouk pou fčt Lapannkňt.
16:9 Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fč travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wč mwen.
16:10 ś Si Timote rive bň kote nou ye a, n'a fč yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avč mwen li travay pou Seyč a.
16:11 Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kč poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frč yo.
16:12 Kanta frč Apolňs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fč vwayaj la lč la kapab.
16:13 ś Pa bliye kň nou. Kenbe fčm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fčb.
16:14 Se pou nou fč tout bagay avčk renmen nan kč nou.
16:15 Frč m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tčt yo pou sčvi pčp Bondye a.
16:16 Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wč k'ap travay ak yo epi k'ap sčvi ak yo, nou mčt kite yo mennen nou.
16:17 Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fňtenatis, Akaykis ki vin wč mwen. Yo fč m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avčk mwen.
16:18 Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.
16:19 ś Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakčt bonjou pou nou nan Seyč a.
16:20 Tout frč ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bň pa nou, yonn di lňt bonjou pou mwen, yonn bo lňt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
16:21 M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pňl voye bonjou pou nou tout.
16:22 Si yon moun pa renmen Seyč a, madichon pou li. Seyč nou, vini non!
16:23 Se pou benediksyon Jezi Seyč a toujou la avč nou.