17:1 ś Yon pwofčt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zňn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyč m'ap sčvi a, Bondye vivan pčp Izrayčl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
17:2 Apre sa, Seyč a pale ak Eli, li di l' konsa:
17:3 -Kite kote ou ye a, ale nan direksyon solčy leve. Al kache toupre ravin Kerit la ki sou bň solčy leve larivyč Jouden.
17:4 W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwč. Mwen bay kaou yo lňd pou yo pote manje ba ou.
17:5 Eli fč sa Seyč a te di l' fč a. Li pati, l' al rete toupre ravin Kerit la.
17:6 Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswč. Li te jwenn dlo pou l' bwč nan ravin lan.
17:7 Kčk tan apre sa, ravin lan vin chčch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a.
17:8 ś Lč sa a, Seyč a pale ak Eli, li di l' konsa:
17:9 -Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm včv ki rete laba a lňd pou li ba ou manje.
17:10 Se konsa Eli leve vre, li pati pou lavil Sarepta. Lč li rive bň pňtay lavil la, li wč yon fanm včv ki t'ap ranmase bwa. Li rele l', li di l' konsa: -Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m' bwč.
17:11 Madanm lan fč sa pou l' al chache dlo a, Eli rele l' ankň, li di l' konsa: -Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou.
17:12 Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyč a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bňl ak tigout lwil nan yon boutčy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lč n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
17:13 Eli di li: -Pa bat kň ou! Ale pare ti manje ou la! Sčlman fč yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l' vini. Apre sa, w'a fč yonn pou ou ak pitit gason ou lan.
17:14 Paske men pawňl Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, di: Ti bňl farin frans lan ak ti boutčy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyč a m'a fč lapli tonbe sou latč ankň.
17:15 Madanm lan ale, li fč sa Eli te di l' fč a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje.
17:16 Te toujou gen farin frans nan ti bňl la ak lwil oliv nan ti boutčy la, jan Seyč a te mete pawňl la nan bouch pwofčt Eli.
17:17 ś Kčk tan apre sa, pitit gason metrčs kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri.
17:18 Madanm lan di Eli konsa: -Sčvitč Bondye, poukisa ou fč m' sa? Ou vin lakay mwen pou fč Bondye chonje peche m' yo, pou fč pitit gason m' lan mouri.
17:19 Eli reponn: -Ban m' pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l', li moute avč l' nan pyčs chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l' kouche sou kabann li.
17:20 Apre sa, li lapriyč, li di: -Seyč, Bondye mwen, poukisa pou ou fč včv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m' lakay li, men w'ap pran pitit li.
17:21 Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyč. Li di: -Seyč, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankň.
17:22 Seyč a koute lapriyč Eli a, li bay pitit la lavi ankň. Ti gason an rekonmanse pran souf.
17:23 Eli pran ti bway la, li desann anba avč l', li renmčt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan!