18:1 ś Apre sa, kčk tan pase. Chechrčs la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lč sa a, Seyč a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parčt devan wa Akab. Mwen pral fč lapli tonbe.
18:2 Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rčd anpil pou moun lavil Samari yo.
18:3 Akab te fč rele Abdyas ki te reskonsab palč a. Abdyas sa a te sčvi Seyč a ak tout kč li.
18:4 Lč larenn Jezabčl t'ap fč touye pwofčt Seyč yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwňt, li te mete senkant nan chak gwňt. Lčfini, li ba yo manje, li ba yo bwč.
18:5 Akab te di Abdyas: -Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bň tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zčb pou bay chwal yo ak milčt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.
18:6 Yo separe peyi a fč de zňn, yo chak pran yon zňn pou yo mache al chache zčb. Se konsa Akab pran yon chemen, Abdyas pran yon lňt chemen.
18:7 Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekončt li, li bese tčt li jouk atč devan li. Li mande l': -Se ou menm vre, Eli, mčt mwen?
18:8 Eli reponn: -Wi, se mwen! Ale di wa a, mčt ou a, men m' isit la!
18:9 Abdyas reponn: -Kisa m' fč ki mal pou ou voye m' al chache lanmň nan men wa Akab?
18:10 Mwen pran Seyč ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latč kote wa a pa fč chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l' ou pa lakay yo, wa Akab te fňse chčf la ak tout pčp la fč sčman yo pa t' jwenn ou.
18:11 Epi, koulye a ou vle pou m' al di li men ou isit la?
18:12 Bon, vire m' vire do m' ale la a, si lespri Seyč a pran ou, li pote ou yon kote m' pa konnen, lč m'a di wa Akab ou isit la, lč l'a vini li pa wč ou, l'ap touye m'. Chonje mwen menm m'ap sčvi Seyč a ak krentif depi mwen piti.
18:13 Mčt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fč lč Jezabčl t'ap touye pwofčt Seyč yo? Mwen kache san (100) pwofčt nan de gwňt, senkant nan chak gwňt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwč.
18:14 Men koulye a ou vle pou m' al di wa a men ou isit la! L'ap touye m'!
18:15 Eli reponn li: -Mwen pran Seyč m'ap sčvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jňdi a m'ap parčt devan Akab!
18:16 Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fč l' rapň. Akab vin kontre Eli.
18:17 ś Wč Akab wč Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malč sou pčp Izrayčl la konsa!
18:18 Eli reponn li: -Se pa mwen ki rale malč sou pčp Izrayčl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakňz, paske nou dezobeyi lňd Seyč a te bay, n' al adore zidňl Baal yo.
18:19 Koulye a, bay lňd pou tout moun pčp Izrayčl yo vin sanble bň kote m' sou mňn Kamčl la. Gen katsansenkant (450) pwofčt Baal ak katsan (400) pwofčt zidňl fanm yo rele Astate a Jezabčl ap pran swen. Fč yo vini tou.
18:20 Akab voye chache tout pčp Izrayčl la. Li fč sanble tout pwofčt Baal yo sou mňn Kamčl la.
18:21 ś Eli al kanpe devan pčp la, li di yo: -Kilč n'a sispann woule de bň! Si se Seyč a ki Bondye, se li pou n' sčvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sčvi! Men pčp la pa di yon mo.
18:22 Eli di yo: -Nan tout pwofčt Seyč a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450) pwofčt Baal.
18:23 Mennen de jenn towo ban nou. Pwofčt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l', y'a koupe l' an moso, y'a mete l' sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fč menm jan an tou ak lňt towo a. m'a mete l' sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife.
18:24 y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Seyč a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pčp la reponn: -Nou dakň!
18:25 Lč sa a, Eli di pwofčt Baal yo: -Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lčfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a.
18:26 Pwofčt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lčfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vč midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fč wonn lotčl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
18:27 Vč midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fň non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dňmi tou. Se pou nou leve l'.
18:28 Pwofčt yo pran rele pi fň. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kň yo jan yo te konn fč l' la. San t'ap koule sou yo konsa.
18:29 Lč midi fin pase, yo pran rele Baal pi rčd toujou jouk lč pou yo fč ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
18:30 Lč sa a, Eli mande pčp la pou yo pwoche bň kote l'. Lč yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotčl Seyč a paske yo te kraze l'.
18:31 Li pran douz wňch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakňb yo. Se Seyč a ki te bay Jakňb non Izrayčl li pote a.
18:32 Li pran wňch yo, li rebati lotčl Seyč a. Li fouye yon kannal fč wonn lotčl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo.
18:33 Li ranje bwa yo sou lotčl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lčfini li di: -Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fč sa,
18:34 li di yo: -Fč l' yon dezyčm fwa. Apre yo fč l', li di yo ankň: -Fč l' yon twazyčm fwa. Yo fč l' ankň.
18:35 Dlo a koule tout atč bň lotčl la, li plen kannal la.
18:36 Lč lč pou yo fč ofrann apremidi a rive, pwofčt Eli pwoche bň lotčl la, li di: -Seyč, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakňb, fč yo wč jňdi a se ou menm ki Bondye pčp Izrayčl la. Fč yo rekončt se sčvitč ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lňd fč tout bagay sa yo.
18:37 Reponn mwen, Seyč! Reponn mwen pou pčp sa a ka konnen se ou menm Seyč a ki Bondye, pou yo rekončt se ou menm k'ap fč yo tounen vin jwenn ou.
18:38 Seyč a voye dife soti nan syčl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wňch yo ak anplasman kote lotčl la te ye a, li fč tout dlo ki te nan kannal la cheche.
18:39 Lč pčp la wč sa, yo tonbe fas atč, yo pran rele: -Se Seyč a ki Bondye! Se Seyč a ki Bondye!
18:40 Lč sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofčt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pčp la mete men sou tout pwofčt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
18:41 ś Apre sa Eli di wa Akab konsa: -Koulye a, ou mčt al manje, ou mčt al bwč. Mwen tande bri lapli a k'ap vini.
18:42 Akab al manje, l' al bwč. Eli menm moute sou tčt mňn Kamčl. Li mete ajenou, li bese tčt li jouk atč.
18:43 Li di domestik li a: -Al gade bň lanmč a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: -M' pa wč anyen! Pandan sčt fwa Eli di li al gade.
18:44 Sou setyčm fwa a, domestik la di l': -Mwen wč yon ti nwaj k'ap moute sot lňt bň lanmč a. Li gwosč yon pla men. Lč sa a Eli bay domestik li a lňd sa a: -Al jwenn wa Akab, w'a di l': Moute sou cha ou, al lakay ou anvan lapli a bare ou.
18:45 Yon sčl lč a, syčl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyčl.