19:1 ś Wa Akab rakonte Jezabčl, madanm li, tou sa Eli te fč, ki jan li te touye tout pwofčt Baal yo.
19:2 Jezabčl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l': -Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lč konsa mwen pa fč ou tou sa ou te fč pwofčt yo.
19:3 Eli vin pč. Li kouri met deyň pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avč l', l' ale lavil Bčcheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la.
19:4 Eli menm mache tout yon jounen nan dezč a. Lč li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmň, li di: -M' pa kapab ankň, Seyč! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansčt mwen yo.
19:5 Li lage kň l' anba pye bayawonn lan. Dňmi pran l'. Antan l' nan dňmi an, yon zanj vin souke l', li di l' konsa: -Leve ou manje!
19:6 Eli voye je l' gade bň kote l', li wč yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bň tčt li. Li manje, li bwč. Lčfini, li kouche, li dňmi ankň.
19:7 Zanj Seyč a tounen yon dezyčm fwa, li souke Eli, li leve l', li di l': -Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou.
19:8 Eli leve, li manje, li bwč. Manje a ba li kont fňs kouraj pou li mache pandan karant jou, karant nwit jouk li rive sou mňn Orčb, mňn Bondye a.
19:9 ś Lč li rive, li antre nan yon gwňt, li pase nwit lan la. Seyč a pale ak Eli ankň, li di li: -Eli, sa w'ap fč la a?
19:10 Eli reponn: -Seyč, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wč sa pčp Izrayčl la ap fč ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avč ou la, li kraze lotčl ou yo, li touye tout pwofčt ou yo. Se mwen menm sčl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
19:11 Seyč a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyč a sou tčt mňn lan. M' pral pase! Seyč a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fň, li fann mňn yo, li pete wňch yo devan Seyč a. Men Seyč a pa t' nan van an. Lč van an kase, tč a pran tranble, men Seyč a pa t' nan tranbleman tč a.
19:12 Lč tč a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyč a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fčt, yon ti briz tou fčb vin ap soufle.
19:13 Lč Eli tande l', li kouvri tčt li ak gwo rad li, li soti, li kanpe devan gwňt la. Li tande yon vwa ki di l': -Eli, sa w'ap fč isit la?
19:14 Eli reponn: -Seyč, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wč sa pčp Izrayčl la ap fč ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avč ou la. Li kraze lotčl ou yo. Li touye tout pwofčt ou yo. Se mwen menm sčl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
19:15 Seyč a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezč a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayčl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen.
19:16 Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayčl nan non mwen. Lčfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abčl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sčvi pwofčt nan plas ou.
19:17 Tout moun ki va chape anba men Azayčl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize.
19:18 Men m'ap kite sčtmil (7.000) moun vivan nan peyi Izrayčl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sčvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.
19:19 ś Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avčk douz pč bčf. Elize t'ap raboure dčnye pňsyon tč a ak douzyčm pč bčf la lč Eli pwoche bň kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.
19:20 Menm lč a, Elize kite bčf li yo, li kouri dčyč Eli. Li di l' konsa: -Kite m' al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa m'a swiv ou. Eli reponn li: -Ou mčt tounen tounen ou. M' pa rete ou, mwen menm! Kisa m' fč ou la a?