22:1 ś Lč Seyč a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lčnmi li yo, David chante chante sa a pou Seyč a.
22:2 ś Li di konsa: -Seyč, se ou menm ki twou wňch kote m' kache a. Se ou menm ki sčvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'.
22:3 Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fňs ou k'ap sove m'. Se anba zčl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.
22:4 Mwen rele Seyč a, li delivre m' anba lčnmi m' yo. Lwanj pou Seyč a!
22:5 Lanmň te fin vlope m', mwen te pč lč m' wč tout malč sa yo tonbe sou mwen.
22:6 Privye lanmň te tonbe sou mwen yon sčl kou. Kote m' vire, mwen wč lanmň devan m'.
22:7 Nan mizč mwen te ye a mwen rele Seyč a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rčl mwen rive jouk nan zňrčy li.
22:8 Lč sa a, latč pran tranble, li souke. Fondasyon syčl la pran tranble. Yon sčl frison pran yo, paske Bondye te an kňlč.
22:9 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
22:10 Li bese syčl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li.
22:11 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
22:12 Li te kache kň l' nan fčnwa. Yon gwo nwaj pwčs plen dlo te vlope l' toupatou.
22:13 Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyč ki t'ap klere devan li an.
22:14 Seyč a pran gwonde nan syčl la. Bondye ki anwo nan syčl la fč tout moun tande vwa li.
22:15 Li voye flčch li yo, li gaye tout lčnmi m' yo, li fč yo tout kouri ak kout zčklč.
22:16 Lč ou an kňlč, Seyč, van soti ak fňs nan twou nen ou. Lč konsa, moun wč fon lanmč a, fondasyon latč a parčt aklč.
22:17 Seyč a rete nan syčl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo.
22:18 Li delivre m' anba gwo lčnmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fň pase m'.
22:19 Lč m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyč a te kenbe m'.
22:20 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'.
22:21 Seyč a ban m' sa m' merite, paske li wč m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wč mwen inonsan.
22:22 Mwen te obeyi lalwa Seyč a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
22:23 Mwen fč tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kňmandman li yo.
22:24 Li konnen mwen pa antň. Mwen kenbe kň m' pou m' pa fč sa ki mal.
22:25 Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wč mwen inonsan.
22:26 Ou menm, Seyč, ou kenbe pawňl ou ak moun ki kenbe pawňl yo, ou bon ak moun ki bon.
22:27 Ou pa fč ipokrit ak moun ki pa fč ipokrit avč ou, men ou malen ak moun ki malen.
22:28 Ou sove moun ki soumčt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lňgčy yo, ou desann yo.
22:29 Seyč, ou se limyč mwen. Se ou ki wete m' nan fčnwa kote m' te ye a.
22:30 Avč ou, mwen fonse sou bann lčnmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avč ou, mwen eskalade miray ki sčvi yo defans.
22:31 Bondye o! Tou sa ou fč bon nčt ale. Ou pa gen de pawňl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zčl ou.
22:32 Ki moun ki Bondye si se pa Seyč a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?
22:33 Se Bondye ki pwoteje m' avč fňs li. Li fč m' mennen yon lavi san repwňch.
22:34 Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fč m' mache sou mňn yo san m' pa tonbe.
22:35 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fňs pou m' sčvi ak pi gwo banza ki genyen.
22:36 Se ou menm, Seyč, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'.
22:37 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pčdi pye.
22:38 Mwen kouri dčyč lčnmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nčt.
22:39 Mwen jete yo atč, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
22:40 Ou ban m' kont fňs pou m' goumen. Ou fč lčnmi m' yo mande m' padon.
22:41 Ou fč yo kouri devan m'. Mwen disparčt tout moun ki rayi m' yo.
22:42 Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyč a, men li pa reponn yo.
22:43 Mwen kraze yo fč yo tounen pousyč. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.
22:44 Ou delivre m' anba pčp rebčl sa a. Ou fč m' rete chčf pou m' gouvčnen tout nasyon yo tou. Pčp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sčvi m'.
22:45 Moun lňt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'.
22:46 Yo pčdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fčy bwa.
22:47 Konpliman pou Seyč a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fč konnen jan li gen pouvwa!
22:48 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pčp yo anba pye mwen.
22:49 Ou sove m' anba men lčnmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
22:50 Se poutčt sa m'a fč moun lňt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fč lwanj ou.