2:1 ś Lč jou Lapannkňt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a.
2:2 Yo rete konsa, epi yon sčl bri sot nan syčl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a.
2:3 Lč sa a, yo wč yon bann lang parčt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lňt epi ki al poze grenn pa grenn sou tčt yo chak.
2:4 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lňt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fč yo pale.
2:5 ś Lč sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kčk jou lavil Jerizalčm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latč.
2:6 Lč yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak.
2:7 Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?
2:8 Ki jan nou fč tande y'ap pale nan lang peyi nou?
2:9 Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadňs, moun Pon ak moun Lazi.
2:10 Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirčn. Genyen ki soti lavil Wňm.
2:11 Nan nou gen jwif, gen moun lňt nasyon ki te konvčti nan relijyon jwif yo, gen moun ki soti Lakrčt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fč tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bčl bagay Bondye te fč?
2:12 Yo tout te sezi, yo pa t' konn sa pou yo te kwč. Yonn t'ap di lňt: Sa sa vle di?
2:13 Gen lňt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou.
2:14 ś Lč sa a, Pyč kanpe ansanm ak lňt onz apňt yo, li pale byen fň, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kčk jou isit lavil Jerizalčm, nou fčt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a.
2:15 Moun sa yo pa sou jan nou kwč a. Se nevč dimaten li ye sčlman.
2:16 Men, sa pwofčt Jočl te fč konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a:
2:17 Men sak pral rive nan dčnye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latč. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofčt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fč rčv.
2:18 Wi, lč sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sčvitč m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye.
2:19 Mwen pral fč mčvčy parčt anwo nan syčl la, mwen pral fč mirak anba sou latč! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.
2:20 Solčy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mčt la rive. Se va yon gwo jou, yon bčl jou tou!
2:21 Lč sa a nenpňt moun ki va rele non Bondye va delivre.
2:22 Nou menm moun laras Izrayčl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarčt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wč tout mirak, tout bčl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fč nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.
2:23 Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fč nan tčt li. Nou menm, nou fč touye l', nou fč yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.
2:24 Men, Bondye fč l' leve vivan ankň, li delivre l' anba doulč lanmň a paske se pa t' posib pou lanmň te kenbe l' anba pouvwa li.
2:25 Men sa David te ekri sou li: Mwen te wč Bondye, Mčt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bň kote m'. Anyen pa ka brannen m'.
2:26 Se poutčt sa kč m' kontan anpil, se pawňl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kň mwen, m'ap poze l' avčk espwa nan Bondye.
2:27 Paske, ou p'ap kite m' kote mň yo ye a. Ou p'ap pčmčt moun k'ap sčvi ou la pouri anba tč.
2:28 Ou fč m' konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nčt paske ou toujou la avčk mwen.
2:29 Frč m' yo, pčmčt mwen pale kareman ak nou. David, zansčt nou an, mouri, yo antere l'. Tonm li la nan mitan nou jouk jňdi a.
2:30 Men, David te yon pwofčt, li te konnen sa Bondye te pwomčt la. Bondye te sčmante li t'ap fč yonn nan pitit li yo wa tankou li.
2:31 David te wč sa Bondye tapral fč a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmň lč l' di: Yo p'ap kite l' kote mň yo ye a. Kň li p'ap tounen pouriti.
2:32 Bondye fč Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
2:33 Bondye fč l' moute nan syčl la vin sou bň dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomčt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wč, se sa n'ap tande koulye a.
2:34 Se pa David ki te moute nan syčl la. Men, li te di: Bondye te di Seyč mwen an: Chita la sou bň dwat mwen,
2:35 jouk tan mwen fč lčnmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
2:36 Tout pčp Izrayčl la fčt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fč Seyč, se li menm Bondye fč Kris la.
2:37 ś Lč pčp la tande pawňl sa yo, yo santi kč yo boulvčse. Yo mande Pyč ansanm ak lňt apňt yo: Frč nou yo, kisa pou nou fč?
2:38 Pyč reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lňt vin resevwa batčm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
2:39 Paske pwomčs la, Bondye fč l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mčt nou, va rele vin jwenn li.
2:40 Pyč t'ap di yo anpil lňt pawňl ankň pou l' te fč yo kwč, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tčt nou. Wete kň nou nan mitan moun pčvčti sa yo.
2:41 Anpil ladan yo te kwč sa Pyč t'ap di a, yo te resevwa batčm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tčt yo ansanm ak disip yo.
2:42 ś Yo pase tout tan yo ap koute sa apňt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frč yonn ak lňt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyč.
2:43 Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bčl bagay apňt yo t'ap fč.
2:44 Tout moun ki te kwč yo t'ap viv ansanm yonn ak lňt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm.
2:45 Yo vann tč yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun.
2:46 Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avčk kč kontan san okenn pretansyon.